Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 28:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 “Ke Bondye Toupwisan an kapab beni ou, bay ou anpil fwi, e fè ou miltipliye pou yo kapab devni yon gran fòs kantite moun.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Mwen mande Bondye ki gen tout pouvwa a pou l beni maryaj ou, pou l ba ou anpil pitit, pou ou tounen zansèt anpil nasyon.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 28:3
23 Referans Kwoze  

Bondye te beni yo; Li te di yo, “Se pou nou vin fekon. Fè pitit pou ranpli latè, e domine sou li; se pou nou vin mèt sou pwason lanmè yo ak zwazo anlè yo, sou chak bèt vivan kab fè mouvman sou tè a”.


“Mwen va fè desandan ou yo peple tankou pousyè tè, pou si okenn moun pa kapab kontwole pousyè tè a, konsa yo p ap kapab osi kontwole desandan ou yo.


“Pou Ismaël, Mwen te tande ou. Gade byen, Mwen va fè li bay anpil fwi, e li va miltipliye li anpil, anpil. Li va vin papa a douz prens yo, e Mwen va fè li vin yon gran nasyon.


Yo te beni Rebecca, e te di li: “Ke ou menm, sè nou, kapab devni manman a dè milye de dizèn de milye, e ke desandan ou yo kapab posede pòtay a sila ki rayi yo.”


SENYÈ a te parèt a li menm nan nwit lan, e te di: “Mwen se Bondye a papa ou, Abraham. Pa pè, paske Mwen avè w. Mwen va beni ou, e Mwen va fè desandan ou yo miltipliye pou koz a sèvitè Mwen an, Abraham.”


“Mwen va miltipliye desandan ou yo tankou zetwal nan syèl la, e va bay tout tè sa yo a desandan ou yo. E nan desandan ou yo, tout nasyon latè yo va beni,


Alò, Isaac te vin tranble avèk vyolans, e te di: “Alò kilès sa ki te fè lachas jibye a, ki te pote ban mwen, ke m te manje tout li avan ou te vini, e ke mwen te beni li an? Wi, e li va beni.”


Bondye osi te di li: “Mwen se Bondye Toupwisan an. Fè fwi, e vin miltipliye. Yon nasyon ak yon gwo konpanyen nasyon va soti nan ou, e wa yo va sòti nan ou.


Li te nonmen dezyèm nan Éphraïm, paske li te di: “Bondye fè mwen bay anpil fwi nan peyi afliksyon mwen an.”


Konsa, ke Bondye Toupwisan an kapab bannou gras nan zye mesye a, pou li kab lage bannou lòt frè nou an avèk Benjamin. Epi pou mwen, si mwen pèdi pitit mwen yo, mwen pèdi nèt.”


Epi Jacob te di a Joseph: “Bondye Toupwisan an te parèt a mwen nan Luz nan peyi Canaan an e Li te beni mwen.


Li te di mwen: ‘Gade byen, Mwen va fè nou donnen anpil fwi, e miltipliye anpil. Mwen va fè ou vin yon konpanyen pèp la, e Mwen va bay peyi sa a a desandan aprè ou, kòm posesyon k ap dire pou tout tan.’


Depi nan Bondye a papa ou ki bay ou soutyen an; Toupwisan an ki beni ou avèk benediksyon anwo nan syèl la, benediksyon ki sòti nan fon ki anba a, e benediksyon tete matris ak vant ki te fè ou a.


Konsa, Bondye te beni Noé avèk fis li yo. Li te di yo: “Se pou nou vin fekon, miltipliye, e ranpli latè.


Amwenske se SENYÈ a ki bati kay la, sila ki bati li yo, travay anven. Amwenske SENYÈ a veye pòtay la, gadyen an rete zye louvri anven.


Veye byen, pitit se yon don SENYÈ a. Fwi a vant la se yon rekonpans.


Men fis Israël yo te pwodwi anpil, yo te vin miltipliye anpil, e yo te vin trè fò, jiskaske peyi a te vin ranpli avèk yo.


Mwen te parèt a Abraham, Isaac, avèk Jacob, kòm Bondye Toupwisan an, men pa pwòp non Mwen, SENYÈ a, Mwen pa t janm fè yo rekonèt Mwen.


Mwen va yon Papa pou nou, e nou va fis ak fi pou Mwen,’ di Senyè Tou Pwisan an.”


Mwen pa t wè tanp ladann, paske Senyè Bondye Toupwisan an ak Jèn Mouton an se te tanp li.


Alò vwala, Boaz te sòti Bethléhem pou te di a moun rekòlt yo: “Ke SENYÈ a kapab avèk nou.” Epi yo te di li: “Ke SENYÈ a beni nou.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite