Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 28:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 “Leve ale Paddan-Aram, lakay Bethuel, papa a manman ou. De la, pran yon madanm pami fi a Laban yo, frè manman ou an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Leve non, ale Mezopotami, lakay Betwèl, papa manman ou. W'a pran yonn nan pitit fi Laban yo pou madanm. Laban se frè manman ou.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 28:2
16 Referans Kwoze  

Epi sèvitè a te pran dis chamo pami chamo mèt li yo, e li te pati avèk yon seleksyon plizyè bon bagay a mèt li nan men l. Li te leve pou ale nan Mésopotamie pou rive nan vil Nahor.


Fi a te gen yon frè ki te rele Laban. Laban te kouri deyò kote mesye a nan sous la.


men ke ou va ale nan peyi mwen, kote relasyon mwen yo, e pran yon madanm pou fis mwen an, Isaac.”


Laban avèk Bethuel te reponn: “Afè sa a sòti nan SENYÈ a. Alò nou pa kapab pale ou ni byen, ni mal.


Lè Isaac te gen laj karant ane, li te pran Rebecca, fi Bethuel la, Araméen an nan kote Paddan-Aram, sè Laban an, Araméen an, pou vin madanm li.


Alò, Isaac te voye Jacob ale. Li te ale Paddan-Aram a Laban, fis a Bethuel la, Arameyen an, frè Rebecca, manman a Jacob ak Ésaü.


Alò, Jacob te ale nan vwayaj li a, e li te vini nan peyi ki te pou fis a lès yo.


Konsa, li te voye pouse tout bèt yo avèk tout byen ke li te rasanble yo, bèt ke li te vin gen nan Paddan-Aram yo, pou ale nan peyi Canaan vè papa li, Isaac.


mwen pa merite tout lanmou, mizerikòd ak fidelite ke ou te montre sèvitè ou a; paske se sèl avèk baton mwen ke m te travèse rivyè Jourdain an, men koulye a nou vin de konpanyen.


Alò, Jacob te rive san pwoblèm nan vil Sichem nan peyi Canaan, lè li te sòti Paddan-Aram. Li te fè kan an devan vil la.


Alò, Bondye te vin parèt a Jacob ankò lè li te sòti Paddan-Aram, e Li te beni li.


Sila yo se fis a Léa yo, ke li te fè pou Jacob nan Paddan-Aram, avèk fis li, Dina; tout fis li yo ak fi li yo te vin monte a trant-twa.


Alò, Jacob te sove ale nan peyi Aram, Israël te travay pou resevwa yon madanm. Pou yon madanm, li te fè gadyen mouton.


Epi pa yon pwofèt, SENYÈ a te mennen Israël sòti an Égypte. Pa yon pwofèt, li te vin prezève.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite