Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jenèz 27:45 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

45 jiskaske kòlè frè ou a vin bese, e bliye sa ou te fè li a. Alò, mwen va voye chache ou la. Poukisa mwen ta oblije pèdi nou toude nan yon sèl jou?”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

45 jouk tan l'a sispann move sou ou, jouk li va bliye sa ou te fè l la. Lè sa a, atò, m'a voye chache ou, m'a fè ou tounen. Poukisa pou m ta pèdi tou de pitit gason m yo yon sèl jou a?

Gade chapit la Kopi




Jenèz 27:45
10 Referans Kwoze  

Petèt papa m va manyen m. Konsa, mwen ta vin tankou yon twonpè nan zye li, e mwen ta rale sou mwen yon madichon olye yon benediksyon.”


Jacob te di a papa l: “Mwen menm se Ésaü, premye ne ou a. Mwen te fè sa ou te mande m nan. Leve, souple, e chita pou manje nan jibye mwen an, pou nanm ou kapab beni mwen.”


Men li te reponn: “Frè ou a te vini twonpe m, e li te rache benediksyon ou an.”


Plan nan kè lòm yo anpil; men se konsèy SENYÈ a ki kanpe.


Se kilès li ye ki pale, e sa vin rive, amwenske Senyè a te pase lòd la?


Lè natif yo te wè bèt la k ap pann soti nan men li, yo te kòmanse di youn ak lòt: “San dout mesye sa a se yon asasen, epi malgre li sove soti nan lanmè a, jistis p ap kite li viv.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite