Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jenèz 27:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Prepare yon manje ki gen bon gou, jan ou konnen ke m renmen li an, e pote ban mwen pou m kab manje, pou nanm mwen kapab beni ou avan ke m mouri.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Lèfini, pare vyann lan jan ou konnen mwen renmen l lan, pote l ban mwen. M'a manje. Epi m'a ba ou benediksyon mwen anvan m mouri.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 27:4
23 Referans Kwoze  

Pa lafwa Isaac te beni Jacob ak Ésaü, menm selon bagay ki t ap vini yo.


Joseph te di a papa li: “Sa yo se fis mwen yo, ke Bondye te ban mwen isit la.” Epi li te di: “Mennen yo isit souple, pou m kapab beni yo.”


Tout sa yo se douz tribi Israël yo, e se sa ke papa yo te di yo lè li te beni yo. Li te beni yo, yo chak avèk yon benediksyon ke yo te merite.


Konsa, li te di: “Pote ban mwen, e mwen va manje nan jibye fis mwen an, pou m kapab beni ou.” Li te pote ba li, e li te manje. Li te osi pote diven e li te bwè.


Pandan Li t ap beni yo, Li te kite yo e te leve monte nan syèl la.


Siméon te beni yo, e te di a Marie, manman Li: “Veye byen, anfan sila a fèt pou tonbe ak leve a anpil moun an Israël, e pou yon sign k ap koze opozisyon.


Epi Josué te beni yo. Li te voye yo ale, e yo te ale nan pwòp tant pa yo.


Alò, Josué te beni li e te bay Hébron a Caleb, fis a Jephunné a, Kenizyen an jis rive jodi a kon eritaj li. Paske li te swiv SENYÈ a, Bondye Israël la nèt.


‘Pote pou mwen kèk jibye e prepare yon manje bon gou pou mwen, pou mwen kapab manje, e beni ou nan prezans SENYÈ a, avan ke m mouri.’


“Ke Bondye Toupwisan an kapab beni ou, bay ou anpil fwi, e fè ou miltipliye pou yo kapab devni yon gran fòs kantite moun.


Li menm tou te fè manje bon gou, e li te pote l bay papa l. Li te di a papa l: “Ke papa m leve manje nan jibye fis li a, pou ou kapab beni mwen.”


Li te vin pre, e te bo li. Lè li te santi sant vètman li, li te beni li, e te di: “Ou wè, sant fis mwen an tankou sant a yon chan ke SENYÈ a te beni.


Li pa t rekonèt li, paske men li te kouvri avèk plim tankou men frè l la, Ésaü. Epi akoz sa, li te beni li.


Yo te beni Rebecca, e te di li: “Ke ou menm, sè nou, kapab devni manman a dè milye de dizèn de milye, e ke desandan ou yo kapab posede pòtay a sila ki rayi yo.”


Li te beni li, e te di: “Beni, se Abram a Bondye Pi Wo a, Mèt Syèl la ak tè a.


Rebecca t ap koute pandan Isaac t ap pale avèk fis li a, Ésaü. Alò, lè Ésaü te ale nan chan pou fè lachas jibye pou kapab pote lakay,


Ale koulye a, ale nan bann twoupo a. Chwazi de jèn kabrit ladann, pou m kapab prepare yo kòm yon bon manje pou papa ou, jan li renmen li an.


Li te ale chache yo e te pote yo bay manman l. Manman l te fè yon manje bon gou jan papa l te renmen an.


Osi li te bay Jacob, fis li a, manje bon gou a avèk pen ke li te fè a.


Jacob te di a papa l: “Mwen menm se Ésaü, premye ne ou a. Mwen te fè sa ou te mande m nan. Leve, souple, e chita pou manje nan jibye mwen an, pou nanm ou kapab beni mwen.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite