Lè pou Israël mouri an t ap pwoche. Li te rele fis li, Joseph, e te di li: “Souple, si mwen te twouve favè nan zye ou, koulye a plase men ou anba fant janm mwen, e aji avèk mwen nan bòn fwa ak tandrès. Souple, pa antere mwen an Égypte,
Nan jou sa yo, Ézéchias te vin malad, prèt pou mouri. Epi Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la, te vin kote li. Li te di l: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Mete lakay ou an lòd, paske ou va mouri; ou p ap viv.’”
Li te di: “Sonje koulye a, O SENYÈ, mwen mande Ou souple, pou jan mwen te mache devan Ou nan verite, ak yon kè entèg e te fè sa ki te bon devan zye Ou.” Konsa, Ézéchias te plere byen fò.
Men David te fè ve ankò, e li te di: “Papa ou konnen byen ke mwen te jwenn favè nan zye ou, e li te di: ‘Pa kite Jonathan konnen bagay sa a, oswa li va blese.’ Men anverite, jan SENYÈ a viv la e jan nanm ou viv la, gen sèlman yon pa antre mwen ak lanmò.”