Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jenèz 27:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Jacob te di a papa l: “Mwen menm se Ésaü, premye ne ou a. Mwen te fè sa ou te mande m nan. Leve, souple, e chita pou manje nan jibye mwen an, pou nanm ou kapab beni mwen.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 Jakòb reponn: — Se mwen menm Ezayi, premye gason ou lan. Mwen fè sa ou te di m fè a. Leve non, chita. Manje vyann mwen pote pou ou a. Apre sa, w'a ban mwen benediksyon.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 27:19
15 Referans Kwoze  

“Akoz nou te di: ‘Nou te fè yon akò ak lanmò’, epi ak Sejou mò yo, nou te vin angaje. Gwo dega p ap rive sou nou lè l pase, paske nou te fè pwotèj nou ak manti e nou te kache kò nou ak desepsyon.”


Jéroboam te di a madanm li: “Leve vit e abiye kòmsi pou yo pa rekonèt ou kòm madanm a Jéroboam. Konsa, ale Silo! Gade byen, Achija, pwofèt ki te pale konsènan mwen kòm wa sou pèp sa a la.


Alò, Isaac te di Jacob: “Souple, vin pi pre pou m kapab manyen ou, fis mwen, pou si ou se vrèman fis mwen an Ésaü, o non.”


Prepare yon manje ki gen bon gou, jan ou konnen ke m renmen li an, e pote ban mwen pou m kab manje, pou nanm mwen kapab beni ou avan ke m mouri.”


Premye a te vin parèt byen wouj. Li te kouvri toupatou tankou yon rad ki plen plim sou li. Yo te nonmen li Ésaü.


Li te di li: “Mwen menm se yon pwofèt tankou ou, e yon zanj te pale avèk mwen pa pawòl SENYÈ, e li te di: ‘Mennen li retounen lakay ou avèk ou pou l kab manje pen ak bwè dlo. Men se manti li t ap fè.’”


Alò, Isaac te renmen Ésaü akoz ke li te gen yon gou pou vyann bèt sovaj, men Rebecca te renmen Jacob.


Konsa, li te vini kote papa l, e te di: “Papa m.” Epi li te di: “Men mwen. Kilès ou ye, fis mwen?”


Li menm tou te fè manje bon gou, e li te pote l bay papa l. Li te di a papa l: “Ke papa m leve manje nan jibye fis li a, pou ou kapab beni mwen.”


Men li te reponn: “Frè ou a te vini twonpe m, e li te rache benediksyon ou an.”


jiskaske kòlè frè ou a vin bese, e bliye sa ou te fè li a. Alò, mwen va voye chache ou la. Poukisa mwen ta oblije pèdi nou toude nan yon sèl jou?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite