Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jenèz 26:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Li te rive lè li te rete la pandan anpil tan, ke Abimélec, wa Filisten yo t ap gade nan yon fenèt, e gade, li te wè Isaac ki t ap karese madanm li, Rebecca.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Izarak te gen kèk tan depi l te rete la. Yon jou, Abimelèk, wa moun Filisti yo, t'ap gade nan fennèt li, li te wè Izarak ki t'ap pase men sou Rebeka, madanm li.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 26:8
8 Referans Kwoze  

Paske menm jan ke yon jennonm marye ak yon vyèj, konsa fis ou yo va marye avèk ou; epi menm jan jennonm maryaj la ap rejwi ak jenn fi maryaj la, konsa Bondye ou a va rejwi ak ou.


Cheri mwen an tankou yon antilòp, oswa yon jenn sèf. Gade byen, li kanpe dèyè mi kay nou an; l ap gade nan fenèt yo, l ap gade nan jalouzi a.


Paske bo fenèt lakay mwen, mwen te gade nan fant fenèt mwen an.


“Deyò fenèt la, fi a te gade byen twouble: Manman Sisera te gade anndan treyi a. ‘Poukisa cha l a fè reta konsa? Poukisa nou poko tande bwi la a pye cheval cha li yo, k ap frape tè a pou l rive?’


Fè rejwisans lavi ou ak fanm ke ou renmen pandan tout jou kout lavi ou ke Li te bay ou anba solèy la. Paske sa se rekonpans ou nan lavi ak nan travay di ou konn fè anba solèy la.


Lè mesye yo nan plas la te mande li de madanm li, li te di: “Li se sè mwen,” paske li te pè pou di “madanm mwen” akoz li te panse: “mesye yo nan zòn sa a ta kapab touye mwen pou Rebecca, paske li bèl.”


Alò, Abimélec te rele Isaac e te di: “Gade sa, vrèman li se madanm ou! Kòman ou te fè di mwen: ‘Li se sè mwen’”? Isaac te di li: “Akoz ke mwen te di: ‘Mwen ta kapab mouri akoz li.’”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite