Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jenèz 26:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Li te deplase la, li te fouye yon lòt pwi, e yo pa t goumen sou li. Li te bay li non a Rehoboth, paske li te di: “Koulye a, Bondye vin bannou plas, e nou va rekòlte anpil fwi nan peyi a.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Lè l wè sa, li wete kò l kote l te ye a, li fouye yon lòt pi pou sa pat fè kont. Se poutèt sa li rele pi a Pi ki pa nan kont. Li di: — Kounyeya Senyè a ban nou kont espas nan peyi a pou nou pa nan kont. Se atò zafè nou pral mache nan peyi a.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 26:22
11 Referans Kwoze  

Men fis Israël yo te pwodwi anpil, yo te vin miltipliye anpil, e yo te vin trè fò, jiskaske peyi a te vin ranpli avèk yo.


“M ap fè ou bay anpil fwi, Mwen va fè nasyon yo avè w, e wa yo va soti nan ou menm.


Depi nan gran pwoblèm mwen yo, mwen te rele SENYÈ a; SENYÈ a te reponn mwen e te mete m yon kote byen laj.


Li te nonmen dezyèm nan Éphraïm, paske li te di: “Bondye fè mwen bay anpil fwi nan peyi afliksyon mwen an.”


Li te mennen mwen fè m parèt nan yon bèl plas byen laj. Li te fè m sekou, akoz Li te pran plezi nan mwen.


Reponn mwen lè m rele Ou, O Bondye ladwati mwen; Ou te fè m pran souf nan gran twoub mwen an. Fè m gras e tande lapriyè mwen.


“Ke Bondye Toupwisan an kapab beni ou, bay ou anpil fwi, e fè ou miltipliye pou yo kapab devni yon gran fòs kantite moun.


Yo te fouye yon lòt pwi, yo te goumen sou sila a tou e li te nonmen li Sitna.


“Agrandi anplasman tant ou; lonje rido lakay ou, pa ralanti! Fè kòd yo pi long e fòtifye pikèt yo.


Paske ou va gaye toupatou, ni adwat, ni agoch. Konsa, desandan ou yo va posede nasyon yo. Yo va rete ankò nan vil abandone yo.”


Mwen va kouri nan vwa kòmandman Ou yo, paske Ou va fè kè m vin grandi. HE


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite