Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jenèz 25:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 men a fis a fanm konkibin yo, li te bay yo kado pandan li te toujou ap viv la, e li te voye yo lwen fis li a vè lès, nan peyi lès la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Men anvan l mouri, li te bay pitit li te fè ak lòt fanm kay yo kèk kado. Apre sa, li fè yo pati, li voye yo byen lwen Izarak, pitit gason l lan, li voye yo nan peyi kote solèy leve a.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 25:6
18 Referans Kwoze  

Apre Abram te viv dis lane nan peyi Canaan, madanm Abram nan, Saraï te pran Agar, sèvant Ejipsyen li an, e te bay li a mari li Abram kòm madanm li.


Konsa, Abraham te leve bonè nan maten. Li te pran pen avèk yon kwi dlo, e li te bay yo a Agar. Li te vin mete yo sou zepòl li, li te ba li jènjan an, e li te voye li ale. Li te pati e li te vwayaje nan dezè Beer-Schéba a.


Alò, Abraham te pran yon lòt madanm, ki te rele Ketura.


Alò, Jacob te ale nan vwayaj li a, e li te vini nan peyi ki te pou fis a lès yo.


Epi li te ba li sèvant li, Bilha kòm madanm, e li te antre nan relasyon avèk li.


Lè Léa te wè ke li pa t fè pitit ankò, li te pran sèvant li a, Zilpa, e li te bay li a Jacob kòm madanm.


Alò, li te leve pandan menm nwit lan, e li te pran de madanm li yo avèk de sèvant li yo, onz pitit li yo, e li te travèse lariviyè a bò kote Jabbok la.


Konsa, li te rive ke pandan Israël t ap viv nan peyi a, Reuben te ale kouche avèk Bilha, youn nan fanm a papa li yo, e Israël te tande koze sa a. Alò, te gen douz fis fèt pa Jacob—


Roboam te renmen Maaca, fi a Absalom an plis pase tout lòt madanm avèk ti mennaj li yo. Paske li te pran dizuit madanm avèk swasant mennaj, e li te fè venn-tuit fis ak swasant fi.


Te gen yon mesye nan peyi Uts ki te rele Job. Nonm sa a te san repwòch, dwat, te gen lakrent Bondye e te vire kite tout mal.


Byen li te monte a sèt-mil mouton, twa-mil chamo, senk-san bèf kabwèt, senk-san femèl bourik ak anpil sèvitè. Nonm sila a se te pi gran òm nan tout pati lès la.


pou nou kapab fis a Papa nou ki nan syèl la. Paske Li fè solèy Li leve sou mechan yo, ak bon yo, e voye lapli sou sila ki dwat yo, ak sila ki pa dwat yo.


Men malgre sa Li pa t kite tèt Li menm san temwayaj. Li te fè sa ki bon e te bay nou lapli ki te sòti nan syèl la. Anplis Li te bay sezon ak fwi yo, ki te satisfè kè nou avèk manje, ak kè kontan.”


Bòpè li a, papa a fi a te fè l fè reta. Li te rete avè l pandan twa jou konsa. La yo te manje, bwè e loje.


Paske se te lè Israël te fin simen ke Madyanit yo ta vin monte avèk Amalekit yo ak fis yo nan lès pou ale kont yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite