Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 21:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Pitit la te grandi e li te vin sevre. Abraham te fè yon gwo fèt nan jou ke Isaac te sevre a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Ti gason an grandi, li sevre. Jou yo sevre l la, Abraram fè yon gwo fèt.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 21:8
16 Referans Kwoze  

Men li te plede avèk yo avèk fòs. Konsa yo te vire akote vè li e te antre lakay li a, e li te prepare yon gwo manje pou yo. Anplis li te kwit pen san ledven a, e yo te manje.


Epi li te di: “kilès ki ta di a Abraham ke Sarah ta bay tete a timoun? Paske mwen ba li yon fis nan vyeyès li.”


Alò, Sarah te wè fis Agar a, Ejipsyen an, ke li te fè pou Abraham nan, t ap moke l.


Alò, li te fè yon gwo fèt manje pou yo, yo te manje e bwè.


Laban te rasanble tout mesye yo nan plas la, e li te fè yon gwo fèt.


Alò, li te vin rive nan twazyèm jou, ki te fèt nesans a Farawon an, ke li te fè yon fèt pou tout sèvitè yo. Epi li te leve tèt a chèf responsab pote manje a ak chèf bòs boulanje a pami sèvitè li yo.


Alò, Abner avèk ven mesye avèk li te vin kote David nan Hébron. David te fè yon gwo fèt pou Abner avèk mesye ki te avèk li yo.


Salomon te vin leve e vwala, se yon rèv li te ye. Konsa, li te vini Jérusalem, e li te kanpe devan SENYÈ a, pou ofri ofrann brile ak ofrann lapè, e li te fè yon fèt pou tout sèvitè li yo.


nan twazyèm ane pouvwa li a, li te fè yon gran fèt pou tout chèf li yo avèk asistan li yo, chèf lame Perse avèk Mèdes yo, moun prensipal lavil yo, avèk chèf pwovens li yo, tout moun ki te nan prezans li.


Anverite, mwen te fin ranje e kalme nanm mwen. Menm jan ke yon pitit poze sou manman l, anndan m, nanm mwen tankou yon pitit ki sevre.


Alò, lè li te fin sevre Lo Ruchama, li te vin ansent, e li te fè yon fis.


Alò, papa li te desann vè fanm nan; epi Samson te fè yon fèt la, paske jennonm yo te konn fè sa kòm koutim pa yo.


Samson te di yo: “Kite m bannou yon kont pou nou kab devine l. Si nou kab vrèman reponn pandan sèt jou ki ekoule nan fèt la pou twouve bout li, alò, mwen va bannou trant gwo manto fèt an len avèk trant echanj vètman.


Men Anne pa t monte, paske li te di a mari li: “Mwen p ap monte jiskaske pitit la sevre. Epi mwen va pote li pou l kapab parèt devan SENYÈ a pou l rete la nèt.”


Alò, lè li te fin sevre li, li te pran li monte avè l ansanm avèk yon towo twazan, yon efa farin, ak yon boutèy diven. Li te mennen li lakay a SENYÈ a nan Silo, malgre pitit la te tèlman piti.


Alò Abigaïl te vin kote Nabal. Epi vwala, li t ap fè yon fèt lakay li a tankou fèt a yon wa. Kè Nabal te kontan anndan li, paske li te byen sou. Pou koz sa a, Abigaïl pa t di l anyen jis rive nan limyè maten.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite