Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jenèz 20:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Konsa, Bondye te di li nan rèv la: “Wi, Mwen konnen ke nan entegrite kè ou, ou te fè sa, e Mwen osi te anpeche ou pou ou pa t peche kont Mwen. Se pou sa Mwen pa t kite ou touche li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Bondye reponn li nan rèv la: — Wi. Mwen konnen ou fè sa ou fè a san okenn move lide dèyè tèt ou. Se poutèt sa mwen pa kite ou fè peche sa a kont mwen. Mwen pa kite ou fè madanm lan anyen.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 20:6
22 Referans Kwoze  

Sepandan, jan SENYÈ a, Bondye Israël la viv la, ki te anpeche mwen fè ou mal, sof ke ou te parèt vit pou rankontre mwen, anverite, pa t ap gen ki rete pou Nabal nan limyè maten an tankou yon ki fè pipi sou mi la.”


Alò, pou sa, mèt mwen, jan SENYÈ a viv la, akoz SENYÈ a te anpeche ou vèse san e fè vanjans pa w avèk pwòp men ou; alò, kite lènmi ou yo avèk sila ki chache mal kont mèt mwen yo, vin tankou Nabal.


Kè a wa a se tankou kanal dlo nan men SENYÈ a; Li vire l kote Li vle.


Pandan yo t ap vwayaje, yon gwo laperèz te vin sou vil ki te ozanviwon yo, e yo pa t swiv fis a Jacob yo.


Malgre sa, papa nou te twonpe mwen, e li te chanje salè mwen dis fwa, men Bondye pa t kite li fè m donmaj.


Paske mistè nonm a peche a ap travay deja; sèlman Sila k ap anpeche li kounye a, va fè sa jiskaske li vin retire nan wout la.


Paske SENYÈ a, Bondye a, se yon solèy ak yon boukliye. SENYÈ a va bay gras avèk glwa. Li pa refize anyen ki bon a sila ki mache dwat yo.


Paske Mwen va chase nasyon yo devan ou, e fè agrandi limit fwontyè ou yo. Pèsòn p ap fè lanvi sou peyi ou lè w ap monte twa fwa pa ane pou parèt devan SENYÈ a, Bondye ou a.


Konsa, “‘Soti nan mitan yo, e separe de yo’, di Senyè a. ‘Pa touche sa ki enpi. Mwen va akeyi nou.


Akoz sa, Mwen te lage yo a kè di yo, pou mache nan pwòp manèv yo.


Kont Ou, Ou menm sèlman, mwen te peche, e te fè mal devan zye Ou. Akoz sa, Ou jis lè Ou pale, e san tò lè Ou jije.


Nanpwen pèsòn nan kay sa a ki pi gran ke mwen, e li pa refize m anyen, sof ke ou menm, paske ou se madanm li. Kijan konsa, mwen ta kapab fè gwo mal sa a, e peche kont Bondye menm?”


Paske SENYÈ a te fèmen vant yo a tout kay Abimélec la akoz Sarah, madanm Abraham nan.


Pou rezon sa a, Bondye va voye sou yo yon lespri twonpè pou yo kapab kwè sa ki fo a,


Alò, konsènan bagay ke nou te ekri yo, li bon pou yon nonm pa touche yon fanm.


“Lè yon moun peche e aji avèk movèz fwa kont SENYÈ a, epi twonpe pwochen li an sou yon depo lajan oswa yon sekirite ke li te konfye bay li, oswa pa vòl, oubyen li te fè li pa vyòl konfyans,


Konsa, Abimélec te bay tout pèp la lòd, e te di: “Moun ki touche mesye sa a, oswa madanm li, asireman va mete a lanmò.”


men nan fwi ki sòti nan ab ki nan mitan jaden an, Bondye te di: Nou pa pou manje nan li, ni touche li, sinon, nou va mouri.”


Pandan Li te chita sou chèz jijman an, madanm li te voye di li: “Pa gen anyen pou fè avèk Nonm jis sila a; paske jodi a, mwen te soufri anpil nan yon rèv akoz de Li menm.”


Bondye te parèt a Laban, Arameyen an, nan yon rèv nan nwit lan. Li te di li: “Fè atansyon pou ou pa pale a Jacob ni byen, ni mal.”


Se konsa li ye ak yon nonm ki antre nan madanm vwazen li. Nenpòt moun ki manyen l p ap sòti san pinisyon.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite