Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 20:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Èske li menm, li pa t di mwen: ‘Li se sè mwen?’ Epi li menm, li te di: ‘Li se frè m.’ Nan entegrite kè m, ak inosans men m, mwen te fè sa.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Se Abraram ki di m se sè li Sara ye. Sara pou tèt pa l di m se frè li Abraram ye. Mwen fè sa m fè a san okenn move lide. Mwen konnen mwen pa fè anyen ki mal.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 20:5
21 Referans Kwoze  

Souple, di ke se sè mwen ou ye, pou sa ale byen pou mwen, e pou mwen kapab viv akoz ou menm.”


Lè li te rive ke Bondye te fè m vwayaje pou kite kay papa m, mwen te di li: ‘Men yon gras ke ou va fè m: tout kote nou ale, di pa mwen menm: ‘Li se frè m.’’”


A Sarah, li te di: “Byen gade, mwen te bay frè ou mil pyès an ajan. Veye byen, li se revandikasyon ou devan zye tout moun ki avèk ou. E devan tout, ke ou egzonore.”


E selon ou menm, si ou va mache devan Mwen tankou papa ou, David te mache a, nan entegrite a kè ou, avèk ladwati, e fè selon tout sa ke M te kòmande ou yo, e si ou va kenbe règleman Mwen yo, avèk òdonans Mwen yo,


“Sonje koulye a, O SENYÈ a, mwen sipliye Ou, jan mwen te mache devan Ou anverite avèk tout kè m nan, ak jan mwen te fè sa ki bon nan zye Ou a.” Epi Ézéchias te kriye byen anmè.


Mwen konnen tou, O Bondye mwen an, ke Ou fè sonde tout kè, e pran plezi nan ladwati. Pou mwen menm, ak yon kè entèg, mwen te ofri avèk bòn volonte tout sila yo. Epi koulye a, avèk jwa, mwen gen tan wè pèp Ou a, ki prezan isit la, pou fè sakrifis ak bòn volonte a Ou menm.


Job te di: ‘Mwen san tach, san transgresyon; mwen inosan e nanpwen koupabilite nan mwen.


Sila ki gen men pwòp avèk yon kè ki san tach, ki pa leve nanm li vè sa ki fo, ni ki pa fè fo temwayaj.


Kite entegrite avèk ladwati pwoteje mwen, paske se Ou m ap tann.


Mwen va lave men m nan inosans, e mwen va antoure lotèl Ou, O SENYÈ,


Se SENYÈ a ki jije pèp yo. Fè m jistis O SENYÈ, selon ladwati mwen ak jan mwen kanpe fèm.


Alò, mete fen a mechanste malfektè yo, men etabli sila ki dwat yo. Paske se ladwati Bondye ki fè prèv nan kè avèk panse moun.


Anverite, se an ven mwen te kenbe kè m san tach, ak lave men m nan inosans.


Konsa, Li te fè bèje yo selon entegrite kè l, e te gide yo avèk men abil li.


Entegrite a moun dwat la va gide yo; men koripsyon a sila ki fè konplo a va detwi yo.


Yon nonm dwat ki mache nan entegrite l; A la beni fis ki vini apre li yo beni!


Bondye mwen an te voye zanj li. Li te fèmen bouch a lyon yo e yo pa t fè m okenn mal, paske, mwen te twouve inosan devan l, e anplis, anvè ou menm, O wa a, mwen pa t fè okenn krim.”


Paske konfyans fyète nou an se sa; temwayaj konsyans nou, ke nan sentete avèk senserite anvè Bondye, pa nan sajès lachè men nan gras Bondye a, nou kondwi tèt nou nan mond lan, e sitou vè nou menm.


Nou se temwen, e Bondye osi de jan nou te konpòte ak devwe nou an, dwat e san fot anvè nou menm, kwayan yo.


malgre ke avan sa, mwen te yon blasfematè, yon pèsekitè e yon agresè vyolan. Malgre sa, mwen te resevwa gras akoz mwen te aji avèk inyorans nan enkwayans.


Sila ki Toupwisan an, Bondye SENYÈ a, Sila ki Toupwisan an, Bondye SENYÈ a, Li menm ki konnen! E Li menm va kite Israël konnen tou a. Si se te nan rebelyon, oswa si se nan movèz fwa, yon zak ki fèt kont SENYÈ a, pa sove lavi nou jodi a!


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite