Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 20:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Abraham te di: “Paske, mwen te reflechi ke asireman, pa gen lakrent Bondye nan plas sa a, e yo va touye mwen akoz madanm mwen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Abraram reponn li: — Mwen te di nan kè m': Pa gen moun bò isit la ki gen krentif pou Bondye. Mwen te kwè yo ta ka touye m' poutèt madanm mwen.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 20:11
16 Referans Kwoze  

Lè Ejipsyen yo wè ou, yo va di: ‘Sa se madanm li.’ Konsa, yo va touye mwen, men yo va kite ou viv.


Epi Abimélec te di a Abraham: “Sak rive ou ki fè ou fè bagay sa a?”


Anplis de sa, vrèman li se sè mwen, fi a papa m, men pa fi a manman m, e li te vin madanm mwen.


Li te di: “Pa lonje men ou kont jènjan an, ni pa fè l anyen. Paske koulye a Mwen konnen ke ou krent Bondye, akoz ke ou pa t refize bay fis ou a, sèl fis ou ban Mwen an.”


Lè mesye yo nan plas la te mande li de madanm li, li te di: “Li se sè mwen,” paske li te pè pou di “madanm mwen” akoz li te panse: “mesye yo nan zòn sa a ta kapab touye mwen pou Rebecca, paske li bèl.”


Alò, Joseph te di yo nan twazyèm jou a: “Fè sa pou viv, paske mwen krent Bondye:


Men gouvènè ki te avan mwen yo te konn mete chaj sou pèp la e te pran soti nan men yo pen avèk diven plis karant sik ajan; menm sèvitè pa yo te konn vin kon chèf sou moun. Men mwen pa t fè sa akoz lakrent Bondye.


Te gen yon mesye nan peyi Uts ki te rele Job. Nonm sa a te san repwòch, dwat, te gen lakrent Bondye e te vire kite tout mal.


Konsa, a lòm Li te di: ‘Gade byen, lakrent Senyè a, se sa ki sajès; epi kite mal, se sa ki bon konprann.’”


Èske tout malfektè inikite yo pa konnen, sila Ki manje pèp mwen yo tankou y ap manje pen an, san yo pa rele SENYÈ a?


Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès la; sila ki plen foli, meprize sajès ak lenstriksyon.


Pa lanmou dous avèk verite, inikite lave; e pa lakrent SENYÈ a moun chape anba mal.


nan lè sa a, ou va dekouvri lakrent SENYÈ a, e dekouvri konesans Bondye a.


Lakrent SENYÈ a se pou rayi mal, ansanm ak ògèy, awogans, ak yon bouch pevès.


Nanpwen lakrent Bondye devan zye yo.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite