Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 2:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Senyè Bondye a te plante yon jaden nan pati lès Eden, e se la Li te mete lòm ke Li te fòme a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Senyè a, Bondye a, plante yon jaden yon kote yo rele Edenn, bò kote solèy leve a. Se la li mete nonm li te fè a.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 2:8
12 Referans Kwoze  

Lot te leve zye li, e li te wè tout vale Jourdain an ke li te byen wouze. Sa se te avan SENYÈ a te detwi Sodome avèk Gomorrhe. Li te tankou jaden SENYÈ a, tankou peyi Égypte la lè ou ale vè Zoar.


Pou sa, SENYÈ Bondye a te voye l deyò jaden Eden nan, pou kiltive tè a, nan sila li te sòti a.


Alò, Li te pouse lòm nan deyò; epi nan lès jaden Eden nan, Li te estasyone cheriben nan avèk nepe ak flanm ki te vire nan tout direksyon pou veye chemen vè ab lavi a.


Konsa, Cain te sòti de prezans SENYÈ a, e li te al rete sou teren Nod nan pati lès Eden an.


Èske dye a nasyon sila yo ke zansèt mwen yo te detwi yo, te delivre yo, menm? Gozan, Charan, Retseph, avèk fis a Éden ki te Telassar yo?


Anverite, SENYÈ a te konsole Sion; Li te rekonfòte tout kote dezole li yo. Epi savann li yo te fèt sanble ak Éden, e dezè yo tankou jaden Senyè a. Lajwa ak kè kontan va twouve nan yo; remèsiman ak son melodi chanson.


“‘“Charan, Canné, ak Éden, machann a Séba, Assyrie, ak Kilmad yo te fè komès ak ou.”


Ou te nan Éden, jaden Bondye a. Tout pyè presye yo te sèvi pou kouvri ou: Ribi, topaz, dyaman; krizolit, oniks, ak jasp, Safi, malachi, emwòd, epi lò. Baz kalite travay pou tout prezantasyon te nan ou. Nan jou ou te kreye a, yo te prepare.


Mwen te fè tout nasyon yo tranble nan son a chit li a, lè M t ap fè l desann nan sejou mò yo ak sila ki desann nan twou fòs yo. Tout pyebwa byen wouze Liban yo, pi byen chwazi ak pi meyè a Liban yo, te vin rekonfòte anba tè.


“‘A kilès nan pyebwa Éden yo ou egal konsa nan glwa ak grandè? Malgre sa, ou va vin desann ak pyebwa Éden yo jis rive anba tè. Ou va vin kouche nan mitan ensikonsi yo, avèk sila ki te touye pa nepe yo. “‘Se konsa Farawon va ye ak tout gwo foul lame li yo!” deklare Senyè BONDYE a.”


Devan yo, se dife k ap devore, e dèyè yo, se yon flanm k ap brile. Peyi a vin tankou jaden Eden devan yo, men yon savann dezole dèyè yo, e nanpwen anyen ki chape.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite