Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jenèz 2:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Alò potko gen ti bwa chan ki te parèt nan tè a, ni plant chan ki te boujonnen, paske Senyè Bondye a potko voye lapli sou tè a, e pa t gen moun pou kiltive tè a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 pa te gen yon ti pyebwa menm sou latè. Okenn zèb pa t' ankò pouse paske Bondye pa t'ankò voye lapli sou latè. Lèfini pa t'ankò gen moun pou travay latè.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 2:5
15 Referans Kwoze  

Pou sa, SENYÈ Bondye a te voye l deyò jaden Eden nan, pou kiltive tè a, nan sila li te sòti a.


Paske tè ki bwè lapli ki tonbe souvan sou li a, e ki pote plant ki itil a sila k ap kiltive tè a, resevwa benediksyon a Bondye.


Li bay lapli sou tè a, e voye dlo sou chan yo,


Depi koulye a, lè ou kiltive tè a, li p ap bay ou fòs li ankò. Ou va vin yon vagabon k ap mache toupatou sou latè.”


Ankò, li te bay nesans a frè li, Abel. Epi Abel se te yon bèje bann mouton, men Cain t ap laboure tè a.


Èske genyen pami zidòl a nasyon yo ki konn bay lapli? Oswa èske syèl yo ka fè lapli pou kont yo? Èske se pa Ou menm, O SENYÈ, Bondye nou an? Akoz sa, nou mete espwa nan Ou, paske se Ou ki te fè tout bagay sa yo.


Li fè vapè monte soti nan tout pwent tè yo. Ki fè rive loray avèk lapli yo, ki fè van vin parèt sòti nan trezò Li yo.


Li fè zèb grandi pou bèt yo e vèdi pou zèv a lòm nan, pou li kab fè manje sòti nan tè a,


pou nou kapab fis a Papa nou ki nan syèl la. Paske Li fè solèy Li leve sou mechan yo, ak bon yo, e voye lapli sou sila ki dwat yo, ak sila ki pa dwat yo.


Men yon vapè te konn leve sòti nan tè a pou wouze tout sifas li.


Bondye te fè tè a pa pouvwa Li. Li te etabli lemonn ak sajès Li; ak konprann Li, Li te etann syèl yo.


Lè Li fè vwa L sone, dlo yo mele nan syèl yo. Li fè nwaj yo monte soti nan dènye pwent tè a. Li fè loray pou lapli, e Li fè van sòti nan depo Li yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite