Sila ki fè yon imaj taye yo, tout se pou ryen. Sa ke yo bay enpòtans yo, pa gen benefis. Menm pwòp temwen pa yo pa wè ni konnen. Yo pa ka menm vin wont.
O SENYÈ, espwa Israël la, tout moun ki abandone Ou yo, va vin wont. Sila yo ki kite Mwen sou latè yo, sou latè non yo va vin enskri, akoz yo te abandone SENYÈ a, sous dlo vivan an.
Èske yo te vin wont akoz bagay abominab yo te fè? Yo pa t wont menm. Yo pa t menm konnen kijan pou yo ta vin wont. Akoz sa, yo va tonbe pami sila ki tonbe yo. Nan lè ke Mwen fè vizit ak yo, yo va vin jete anba”, di SENYÈ a.
Nou va genyen anpil manje, nou va vin satisfè, e nou va fè lwanj non SENYÈ a, Bondye nou a, ki te aji ak mèvèy avèk nou. Konsa, pèp Mwen an p ap janm vin desi ankò.
“Paske nenpòt moun ki wont de Mwen menm avèk pawòl Mwen, nan jenerasyon adiltè e konwonpi sila a, Fis a Lòm nan ap wont de li menm tou lè Li vini nan glwa a Papa Li avèk zanj sen yo.”