Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 2:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Alò, Senyè Bondye a te fè yon Pwofon somèy pran lòm nan, e li te dòmi. Konsa, li te pran youn nan zo kòt li yo, e te fèmen chè a nan plas li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Lè sa a, Senyè a, Bondye a, fè dòmi pran nonm lan. Mesye dòmi nèt ale. Pandan l'ap dòmi an, Bondye louvri bò kòt li, li wete yon zo kòt. Apre sa, li fèmen twou a byen fèmen.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 2:21
7 Referans Kwoze  

Alò, lè solèy la t ap desann, yon gran rèv te tonbe sou Abram. Epi gade byen, yon gwo tenèb ak gran perèz te vin tonbe sou li.


Nan yon rèv, yon vizyon nan nwit la, lè dòmi pwofon kon tonbe sou lòm, pandan yo nan somèy sou kabann yo,


Pami refleksyon enkyetan ki sòti nan vizyon lannwit yo, lè dòmi pwofon tonbe sou moun,


Parès va voye yon pwofon somèy sou moun, e yon nonm ki pa travay, va soufri grangou.


Alò, pandan li t ap pale avè m, Mwen te tonbe nan yon pwofon somèy, ak figi m atè, men li te touche mwen, e te fè m kanpe dwat.


Paske gason pa soti nan fanm, men fanm soti nan gason.


Konsa, David te pran frenn nan avèk veso dlo a soti kote tèt a Saül e yo te pati. Men pèsòn pa t konnen, ni leve, paske yo tout t ap dòmi, akoz yon fon somèy ki sòti nan SENYÈ a te vin tonbe sou yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite