Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 2:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Nan setyèm jou a, Bondye te fin fè travay ke Li te fè yo. Konsa, Li te repoze nan setyèm jou a sou tout travay ke Li te fè yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Sou sis jou, Bondye te fin fè tou sa l t'ap fè a. Setyèm jou a, li sispann travay.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 2:2
11 Referans Kwoze  

Bondye te wè tout sa Li te kreye yo, e gade byen, sa te trè bon. Te gen aswè, ak maten, sizyèm jou.


Epi Bondye te beni setyèm jou a. Li te fè li sen, akoz nan li, Li te repoze de tout travay kreyasyon an, ke Li te fè a.


Pandan sis jou ou va fè travay ou, men nan setyèm jou a, ou va sispann fè travay pou bèf ou avèk bourik ou kapab repoze, ansanm avèk fis esklav femèl ou a, ak etranje ou a tou, kapab repoze.


“‘Pandan sis jou nou kapab travay, men nan setyèm jou a, gen yon Saba repo konplè, ki sen a SENYÈ a. Nenpòt moun ki fè okenn travay nan jou sa a va vrèman vin mete a lanmò.


Li se yon sign antre Mwen avèk fis Israël yo pou tout tan. Paske nan sis jou SENYÈ a te fè syèl la avèk tè a, men nan setyèm jou a Li te pran repo, e Li te vin rafrechi Li.’”


“Si, nan Saba a, ou vire pye ou, pou sispann fè pwòp plezi pa ou nan jou sen Mwen an, e rele Saba a yon gwo plezi, epi jou sen a SENYÈ onorab, e bay li onè, olye chache chemen pa ou, olye pwòp plezi pa ou, ak pale pwòp pawòl pa w,


Men Li te reponn yo e te di: “Papa M ap travay jis koulye a, e Mwen menm ap travay tou.”


men setyèm jou a, se yon Saba a SENYÈ Bondye nou an. Nou pa pou fè okenn travay, ni nou menm ni fis nou, ni fi nou, ni sèvitè nou, ni sèvant nou, ni bèf kabwèt nou, ni bourik nou, ni okenn nan bèf nou yo, ni etranje ki vin demere pami nou, pou sèvitè avèk sèvant lan kapab pran repo menm jan ak nou.


Paske sila ki te antre nan repo Li a, li menm tou, te repoze de zèv li yo, jan Bondye te fè pou zèv pa Li yo.


Paske Li te di, yon kote, konsènan setyèm jou a: “Epi Bondye te repoze nan setyèm jou a de tout zèv Li yo.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite