Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 18:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Konsa, mwen va pote yon moso pen, pou nou kapab rafrechi nou menm; apre sa nou kapab kontinye, depi nou fin vizite sèvitè nou an.” Epi yo te di: “Fè sa ke ou di a.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 M'a pote yon ti manje pou ou soutni kè ou pou ou reprann fòs pou ou ka kontinye vwayaj ou. Ou rive lakay mwen, mwen la pou m sèvi ou. Yo reponn li: — Dakò. Ou mèt fè jan ou di a.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 18:5
12 Referans Kwoze  

Epi Abraham te kouri antre nan tant lan vè Sarah, e te di: “Fè vit, prepare twa mezi farin fen, byen bat li, e fè gato pen.”


Byen gade, mwen gen de fi ki pa janm antre an relasyon avèk yon gason. Souple, kite m mennen yo deyò pou nou, e fè avèk yo sa ke nou pito, men pa fè anyen avèk mesye sa yo, akoz se anba pwotèj twati mwen yo gen tan vini.”


Jacob te di: “Non, souple, si koulye a mwen twouve favè nan zye ou, alò, pran kado a nan men m, paske mwen wè figi ou tankou yon moun ki vin wè figi a Bondye, e ou te byen resevwa m.


Pandan li t ap pral chèche l, li te rele kote li e te di: “Souple, pote ban m yon ti pen nan men ou.”


e diven ki fè kè a lòm kontan an, pou li kab fè figi li klere ak lwil, ak manje ki bay soutyen a kè lòm nan.


Paske gade byen, Senyè BONDYE dèzame yo va retire sou Jérusalem ak Juda ni sipò, ni mwayen materyo, tout sa ki pou founi pen e tout sa ki pou founi dlo;


Bay nou pou jou sa a pen ke nou bezwen an,


Manoach te di a zanj SENYÈ a: “Souple, pèmèt nou fè ou fè yon ti reta pou nou kab prepare yon jenn kabrit pou ou.”


Zanj SENYÈ a te di a Manoach: “Malgre ou fè m fè reta a, mwen p ap manje manje ou. Men si ou prepare yon ofrann brile, alò, ofri li bay SENYÈ a.” Paske Manoach pa t konnen ke li te yon zanj SENYÈ a.


Alò, nan katriyèm jou a, yo te leve granmmaten e yo te prepare pou sòti. Papa a fi a te di a bofi li: “Fòtifye ou menm avèk yon mòso pen pou, apre, nou kapab ale.”


Souple, pa kite isit la jiskaske mwen vin kote Ou pou pote ofrann mwen e mete l devan Ou.” Epi Li te reponn: “M ap rete jiskaske ou tounen.”


Alò, Gédéon te antre anndan an. Li te prepare yon jèn ti kabrit avèk pen san ledven avèk yon efa farin. Li te mete vyann nan nan yon panyen ak sòs li nan yon kivèt. Li te pote yo deyò kote li a, anba bwadchenn nan e li te prezante yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite