Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 18:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Li te di: “SENYÈ mwen, si koulye a mwen vin twouve favè nan zye nou, souple, pa pase lwen sèvitè nou an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Li di: — Mèt, tanpri. Pa pase devan lakay mwen san ou pa fè yon ti rete. Se sèvitè ou mwen ye.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 18:3
8 Referans Kwoze  

Lè li te leve zye li pou te gade, men twa mesye ki te kanpe anfas li. Lè li te wè yo li te kouri sòti nan pòt tant lan pou rankontre yo, e li te bese tèt li atè.


Souple, kite yon ti dlo ta pote pou lave pye nou, e repoze nou anba pyebwa a.


Epi li te di: “Antre non, beni a SENYÈ a! Poukisa ou kanpe deyò, Paske m gen tan prepare kay la avèk yon plas pou chamo yo?”


Mwen gen bèf avèk bourik, avèk bann mouton, sèvitè avèk sèvant. M ap voye pou di mèt mwen sa, pou m kapab vin jwenn favè nan zye w.’”


Konsa, Joseph te twouve favè nan zye li, e li te devni sèvitè pèsonèl li. Li te fè li chèf an tèt tout lakay li, e tout sa ke li te posede, li te mete yo sou chaj li.


Souple, pa kite isit la jiskaske mwen vin kote Ou pou pote ofrann mwen e mete l devan Ou.” Epi Li te reponn: “M ap rete jiskaske ou tounen.”


Alò, Gédéon te antre anndan an. Li te prepare yon jèn ti kabrit avèk pen san ledven avèk yon efa farin. Li te mete vyann nan nan yon panyen ak sòs li nan yon kivèt. Li te pote yo deyò kote li a, anba bwadchenn nan e li te prezante yo.


Zanj Bondye a te di li: “Pran vyann nan avèk pen san ledven an. Mete yo sou wòch sila e vide sòs la.” Epi konsa li te fè.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite