Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 16:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Konsa, Saraï te di Abram: “Se ou ki gen tò nan bagay sa a. Mwen te bay sèvant mwen an pou li antre nan bra ou, e lè l te wè ke li te vin ansent, mwen te vin meprize nan zye li. Ke SENYÈ a jije antre ou menm avèk mwen.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Lè sa a, Sarayi di Abram: — Se fòt ou wi si m'ap sibi tout wont sa a. Se mwen menm ki te ba ou sèvant mwen an pou madanm. Men, depi li wè li ansent lan, li pa gade m pou anyen ankò. Se Senyè a ki pou jije m avè ou.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 16:5
12 Referans Kwoze  

Li te al jwenn Agar, li te vin ansent, epi lè l te wè ke li te ansent, mètrès li a te vin meprize nan zye li.


Bondye Abraham nan ak Bondye Nachor a, Bondye a papa pa yo a, vin jij antre nou menm.” Konsa Jacob te sèmante pa krent a papa l, Isaac.


Konsa, Joas pa t sonje bonte ke papa li, Jehojada te montre li a, men li te touye fis li. Epi pandan li t ap mouri, li te di: “Ke SENYÈ a wè e fè revandikasyon!”


Reveye Ou! Reveye Ou pou dwa m ak koz mwen, Bondye mwen ak SENYÈ mwen.


Deklare m inosan, O Bondye mwen! Plede ka mwen kont yon nasyon enfidèl. O delivre mwen soti nan men a lezòm mantè e enjis yo!


Se SENYÈ a ki jije pèp yo. Fè m jistis O SENYÈ, selon ladwati mwen ak jan mwen kanpe fèm.


Yo te di yo: “Ke Bondye kapab gade sa nou fè a, e jije nou, paske nou te fè nou vin rayisab devan zye Farawon, e devan zye tout sèvitè li yo. Konsa nou mete yon nepe nan men yo pou yo kab touye nou.”


Ke vyolans anvè mwen an, e anvè chè mwen an, kapab tonbe sou Babylone.” Pèp Sion an va di: “Ke san mwen kapab tonbe sou moun Chaldée yo”, Jérusalem va di.


Konsa, mwen pa t peche kont nou, men nou te fè m tò lè nou te fè lagè kont mwen. Ke SENYÈ a, Jij la, jije jodi a antre fis Israël yo ak fis a Ammon yo.”


Lè David te fin pale pawòl sa yo a Saül, Saül te di: “Èske sa se vwa ou, fis mwen, David?” Epi Saül te leve vwa li e te kriye.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite