Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jenèz 16:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Alò, Agar te fè yon fis pou Abram. E Abram te rele fis li a, ke Agar te fè a, Ismaël.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 Aga fè yon pitit gason pou Abram. Abram rele pitit la Izmayèl.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 16:15
13 Referans Kwoze  

Alò, sa yo se achiv a desandan a jenerasyon Ismaël yo, fis Abraham nan, ke Agar, Ejipsyen an, sèvant a Sarah a, te fè ak Abraham;


Fis a Abraham yo: Isaac avèk Ismaël.


Vini, annou vann li bay Izmayelit yo e annou pa mete men nou sou li, paske li se frè nou, pwòp chè nou.” Epi frè li yo te koute li.


Konsa, Ésaü te ale kote Ismaël, e li te marye, anplis ke madanm yo li te gen deja, Mahalath, fi Ismaël la, fis Abraham nan, sè Nebajoth la.


Fis li yo, Isaac avèk Ismaël te antere li nan kav Macpéla a, nan chan Ephron an, fis Tsochar, Etyen an, anfas Mamré,


“Pou Ismaël, Mwen te tande ou. Gade byen, Mwen va fè li bay anpil fwi, e li va miltipliye li anpil, anpil. Li va vin papa a douz prens yo, e Mwen va fè li vin yon gran nasyon.


Konsa, Abraham te di a Bondye: “O ke Ismaël kapab viv devan Ou!”


Zanj SENYÈ a te di li anplis: “Byen gade, ou ansent, e ou va fè yon fis. Epi ou va rele non li Ismaël ki vle di Bondye tande, akoz SENYÈ a te okipe afliksyon ou yo.


Pou sa, pwi a te rele Lachaï-roi. Gade byen, li la antre Kadès ak Bared.


Abram te gen katre-ven-sis ane lè Agar te fè Ismaël pou li a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite