Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 15:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Alò, lè solèy la t ap desann, yon gran rèv te tonbe sou Abram. Epi gade byen, yon gwo tenèb ak gran perèz te vin tonbe sou li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Solèy ta pral kouche lè dòmi vòlè Abram. Li dòmi nèt ale. Epi yon sèl laperèz pran l nan dòmi an. Kote l te ye a vin fè tou nwa.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 15:12
10 Referans Kwoze  

Zwazo ki manje vyann yo te desann sou kò bèt yo, e Abram te chase yo ale.


Alò, Senyè Bondye a te fè yon Pwofon somèy pran lòm nan, e li te dòmi. Konsa, li te pran youn nan zo kòt li yo, e te fèmen chè a nan plas li.


Li te vini nan yon sèten kote pou te pase nwit lan la, akoz solèy la te gen tan fin kouche. Li te pran youn nan wòch yo, li te mete l anba tèt li, e li te kouche la nan plas sila a.


Nan yon rèv, yon vizyon nan nwit la, lè dòmi pwofon kon tonbe sou lòm, pandan yo nan somèy sou kabann yo,


Alò, te gen yon sèten jennonm ke yo te rele Eutychus, ki te chita nan rebò fenèt la, k t ap tonbe nan yon pwofon somèy. Pandan Paul te kontinye ap pale, dòmi te vin pran l, e li te tonbe soti nan twazyèm etaj la, e yo te vin ranmase l mouri.


Konsa, David te pran frenn nan avèk veso dlo a soti kote tèt a Saül e yo te pati. Men pèsòn pa t konnen, ni leve, paske yo tout t ap dòmi, akoz yon fon somèy ki sòti nan SENYÈ a te vin tonbe sou yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite