Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jenèz 14:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Apre Abram te sòti nan masak Kédorlaomer ak wa ki te avè l yo, wa Sodome nan te sòti pou rankontre l nan vale Schavé a, (sa vle di Vale a Wa a).

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

17 Apre Abram te fin kraze Kedòlaòmè ansanm ak tout lòt wa ki te fè tèt ansanm ak Kedòlaòmè yo, li t'ap tounen lakay li. Wa Sodòm lan vin rankontre l nan Fon Chave a ki rele Fon Wa a tou.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 14:17
9 Referans Kwoze  

Li te rive nan jou Amraphel yo, wa Schinear a, ke Arjoc, wa Ellasar a, Kedorlaomer, wa Élam nan, avèk Tideal, wa Gojim nan,


Alò, vale Siddim nan te ranpli avèk fon azfòt yo, epi wa Sodome avèk Gomorrhe yo te sove ale, e kèk tonbe la. Men sila ki te chape yo te sove ale, rive nan tèt mòn yo.


Nan katòzyèm ane a, Kedorlaomer ak wa ki te avè l yo, te vin bat Rephaïm nan Ashterothkarnaim, Zuzim lan nan Ham, avèk Émim nan Schavé-Kirjathaïm.


Alò, Absalom, pandan lavi li te fè monte pou li menm yon gwo pilye ki nan Vale a Wa a, paske li te di: “Mwen pa gen fis pou prezève non mwen.” Konsa, li te rele pilye a pa non li e li rele Moniman Absalom jis rive jodi a.


Malere a vin rayi menm pa vwazen li; men moun gwo kòb gen anpil zanmi.


Richès fè zanmi ogmante anpil; men malere pèdi zanmi li yo.


Paske Melchisédek sila a, wa Salem nan, prèt a Bondye Pi Wo a, ki te rankontre Abraham lè l t ap retounen soti nan masak wa yo e te beni li,


Lè Jephthé te rive vè kay li nan Mitspa, men vwala, fi li a te vin parèt pou rankontre li avèk tanbouren ak dans. Alò, li te sèl pitit li. Sof ke li menm, li pa t gen ni fis ni fi.


Li te vin rive ke pandan yo t ap vini, lè David te retounen soti touye Filisten an, ke fanm yo te sòti nan tout vil an Israël yo. Yo t ap chante ak danse pou rankontre Wa Saül, avèk tanbouren, kè kontan ak enstriman mizik.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite