Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jenèz 14:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Li te rive nan jou Amraphel yo, wa Schinear a, ke Arjoc, wa Ellasar a, Kedorlaomer, wa Élam nan, avèk Tideal, wa Gojim nan,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Lè sa a, Anmrafèl te wa Chinea, Ajòk te wa Elaza, Kedòlaòmè te wa Elam, Tideal te wa lòt nasyon yo.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 14:1
15 Referans Kwoze  

Kòmansman wayòm li an te Babel, Érec, Accad, avèk Cainé nan peyi a Schinear yo.


Konsa, li te rive ke pandan yo t ap vwayaje vè lès, ke yo te twouve yon gran plèn nan peyi ki rele Schinear, e yo te vin rete la.


Fis a Sem yo te Élam, Assur, Arpacschad, Lud, avèk Aram.


Èske dye a nasyon sa yo ke papa m te detwi yo te delivre yo; Gozan, Charan, Retseph, ak fis a Éden ki te Telassar yo?


Li va vin rive nan jou sa a ke SENYÈ a va ranmase yon dezyèm fwa ak men Li, retay a pèp Li a ki rete soti Assyrie Égypte, Pathros, Cush, Élam Schinear, ak Hamath ak devan lil lanmè yo.


Li te di mwen: “Pou bati yon tanp pou fanm nan, nan peyi Schinear. Konsa, lè l fin prepare, fi la va pozisyone la sou pwòp baz pa l.”


Senyè a te livre Jojakim, wa Juda a, nan men li, ansanm ak kèk nan veso lakay Bondye yo. Epi Nebucadnetsar te pote yo nan peyi Schinear, kote lakay dye pa li a, e li te mennen veso yo antre nan trezò a dye li a.


“Élam la ak tout gwo foul li yo ki antoure tonbo li a. Yo tout mouri, tonbe pa nepe, e te desann ensikonsi nan pati piba latè yo; sila ki te kreye gwo laperèz nan tout peyi moun vivan yo, e te pote wont yo, ansanm avèk sila ki te desann nan twou fòs yo.


epi tout wa Zimri yo, tout wa a Élam yo ak tout wa a Médie yo;


Élam te leve fouwo flèch yo, cha yo, sòlda sou pa yo ak chevalye yo; epi Kir te dekouvri boukliye a.


Yon vizyon tèlman rèd devwale devan m. Moun nan ki trèt la, fè trèt toujou, e sila k ap detwi a, detwi toujou. Monte Élam, fè syèj! Mwen te fè tout plenyen Médie sispann.


kont Kedorlaomer wa Élam nan, Tideal, wa Gojim nan, Amraphel, wa Schinear nan, ak Arjoc, wa Ellasar a; kat wa kont senk.


wa a Dor a, youn; wa a Gojim nan, toupre Guilgal, youn;


Mwen te gade nan vizyon an e pandan mwen t ap gade a, mwen te nan Suse, palè ki nan pwovens Élam nan. Epi mwen te gade nan vizyon an, e mwen te bò Kanal Ulaï la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite