Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jenèz 13:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 jis rive nan plas lotèl ke li te fè la oparavan an. Epi la Abram te rele non SENYÈ a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Li tounen kote li te moute yon lotèl premye fwa a. Li fè sèvis pou Bondye ankò.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 13:4
21 Referans Kwoze  

Epi nou va rele Mwen, vin kote Mwen pou priye, e Mwen va koute nou.


Nan lè sa a, ou va rele, e SENYÈ a va reponn. Ou va kriye e Li va di: ‘Men Mwen isit la’. “Si ou retire jouk la nan mitan nou, sispann pwente dwat sou lòt e sispann pale mechanste;


Paske nan lè sa a, Mwen va bay a pèp nasyon yo lèv ki pirifye, pou yo tout ka rele non SENYÈ a, pou sèvi Li de zepòl a zepòl.


Akoz Li te panche zòrèy Li bò kote m, pou sa, mwen va rele non Li pandan tout tan ke m viv.


A legliz Bondye ki nan vil Corinthe lan, a sila ki gen tan sanktifye nan Jésus Kri yo, sen pa apèl Bondye yo, avèk tout sila yo nan tout kote ki rele non Senyè nou an, Jésus Kri; Senyè pa yo e pa nou.


SENYÈ a toupre tout sila ki rele Li yo, tout sila ki rele li ak verite yo.


A Ou menm, mwen va ofri yon sakrifis remèsiman, e va rele sou non SENYÈ a.


Kite yo bay remèsiman a SENYÈ a pou Lanmou dous Li a ak pou mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!


O bay remèsiman a Bondye, paske Li Bon, paske lanmou dous Li dire jis pou tout tan.


Paske yon sèl jou nan lakou Ou a, pi bon pase mil jou deyò. Pito m te geran pòt lakay Bondye mwen an, pase pou m ta abite nan tant a mechan yo.


Kite yo bay remèsiman a SENYÈ a pou lanmou dous Li a, pou mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!


O SENYÈ, Mwen renmen abitasyon lakay Ou, avèk kote ke glwa Ou rete a.


Epi Abram te deplase tant li an, li te vin rete akote bwatchenn Mamré yo ki an Hébron, e la li te bati yon lotèl bay SENYÈ a.


Pou Seth, li menm, li te bay nesans a yon fis, epi li te rele non li Énosch. Nan lè sa a, lèzòm te kòmanse ap rele non SENYÈ a.


Konsa, li te bati yon lotèl la, li te rele non SENYÈ a, e te monte tant li la. La sèvitè Isaac yo te fouye yon pwi.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite