Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jenèz 13:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Leve, mache toupatou nan peyi a nan longè li avèk lajè li; paske Mwen va ba ou li”.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

17 Bon. Kounyeya, ou mèt pwonmennen mache nan tout peyi a, paske se ou menm mwen pral bay li.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 13:17
8 Referans Kwoze  

Paske tout peyi ke ou wè a, Mwen va ba ou li, ak desandan ou yo pou tout tan.


Li te di Abram: “Mwen se SENYÈ a ki te mennen ou sòti nan Ur a Kaldeyen yo, pou bay ou peyi sa a pou posede li.”


“Mwen va ba ou avèk desandan ou yo peyi kote nou vwayaje yo, tout tè Canaan an, kòm yon posesyon k ap pou tout tan, epi Mwen va Bondye pa yo.”


Epi, gade byen, SENYÈ a te kanpe anwo li. Li te di: “Mwen se SENYÈ a, Bondye papa Abraham nan ak Bondye Isaac la. Tè sa kote ou kouche a, Mwen va bay ou li pou ou menm ak desandan ou yo.


Joseph te di frè li yo: “Mwen prèt pou mouri men Bondye va asireman pran swen nou, e Li va fè nou sòti nan peyi sa a vè peyi ke li te pwomèt nan sèman li a Abraham, Isaac, ak Jacob la.”


Men SENYÈ a te fè yo gras, Li te gen mizerikòd pou yo, Li te vire kote yo akoz akò ke li te gen avèk Abraham, Isaac, avèk Jacob la e Li pa t detwi yo ni jete yo deyò prezans li jis rive nan moman sa a.


SENYÈ a te parèt a Abram. Li te di: “A desandan ou yo, Mwen va bay peyi sila a.” Alò, li te bati yon lotèl nan plas kote SENYÈ a te parèt a li a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite