Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 13:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Abram te vin rete nan tè Canaan an, pandan Lot te vin rete nan gran vil yo nan vale a, e li te deplase tant li yo jis rive Sodome.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Abram rete nan peyi Kanaran. Lòt menm al moute kay li nan mitan lavil yo ki te nan plenn lan. Li moute kay li bò lavil Sodòm.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 13:12
10 Referans Kwoze  

Konsa, Lot te chwazi pou li menm tout vale Jourdain an, e Lot te vwayaje vè lès. Konsa yo te separe youn ak lòt.


Anplis, yo te pran Lot, neve a Abram nan avèk tout byen li, e yo te pati, paske li t ap viv Sodome.


ke yo te vin fè lagè avèk Béra, wa Sodome nan, e avèk Birscha, wa Gomorrhe a, Schineab, wa Adma a, ak Schémbeébern wa Tseboïm nan, avèk wa a Béla a, ki se Tsoar.


Alò, de zanj te vini Sodome nan aswè lè Lot te chita nan pòtay Sodome nan. Lè Lot te wè yo, li te leve pou rankontre yo. Li te bese ba avèk figi li atè.


Epi SENYÈ a te fè souf avèk dife ki sòti nan syèl la, tonbe tankou lapli sou Sodome avèk Gomorrhe.


Li te detwi vil sila yo, ak tout vale a, ak tout moun ki te rete nan vil yo, ansanm ak sa ki te grandi nan tè a.


Se konsa li rive ke lè Bondye te detwi vil yo nan vale a, ke Li te sonje Abraham. Li te voye Lot deyò dega a, lè li te boulvèse vil yo nan sila Lot te rete.


Mwen rayi asanble malfektè yo, e mwen pa chita avèk mechan yo.


Pa twonpe tèt nou: “Move zanmi gate bon prensip.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite