Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jenèz 13:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Alò, Abram te monte kite Égypte vè Negev, li menm avèk madanm li, ak tout bagay ki te pou li, e Lot te avèk li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Abram kite peyi Lejip, li moute nan nò, li tounen nan rejyon Negèv la, ansanm ak madanm li avèk tou sa li genyen. Lòt, neve l la, te avèk li tou.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 13:1
8 Referans Kwoze  

Konsa, Josué te frape tout peyi a, peyi kolin yo avèk Negev la ak bas plèn nan avèk pant yo ak tout wa yo. Li pa t kite moun vivan, men li te konplètman detwi tout moun ki te gen souf lavi, jis jan ke SENYÈ a, Bondye a Israël la, te kòmande a.


Epi yo te rive nan fòterès Tyr la, nan tout vil a Evyen yo ak Kananeyen yo; epi yo te sòti nan sid Juda, nan Beer-Schéba.


Alò, Akisch te di: “Se kibò ou te atake jodi a?” Epi David te reponn: “Kont Negev la nan Juda e kont Negev a Kenyen yo.”


Yo va divize li an sèt pòsyon; Juda va rete nan teritwa pa li nan sid e lakay Joseph la va rete nan teritwa pa yo nan nò.


Abraham te plante la yon pyebwa tamaris nan Beer-Schéba, e la li te rele sou non SENYÈ a, Bondye Letènèl la.


Alò Abraham te vwayaje soti la vè peyi Negev la. Li te vin rete antre Kàdes ak Schur, e li te pase yon tan kon etranje nan Guérar.


Lè Moïse te voye yo espyone peyi Canaan an, li te di yo: “Monte nan negev la; epi monte toujou nan peyi ti kolin yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite