Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jenèz 12:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Alò, Abram te sòti jan SENYÈ a te pale l la. Lot te ale avè l. Abram te gen laj swasann-kenz ane lè li te kite Haran.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Abram pati jan Senyè a te di l la. Lòt pati ansanm avè l tou. Abram te gen swasannkenzan lè li kite Karan.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 12:4
10 Referans Kwoze  

Pa lafwa Abraham, lè l te rele, li te obeyi lè l te sòti pou ale yon kote ke li te dwe resevwa pou eritaj. Li te soti malgre li pa t menm konnen ki kote li t ap prale.


Térach te pran Abram, fis li a, e Lot, fis Haran an, pitit a pitit li, ak Saraï, bèlfi li, madanm a Abram, fis li. Konsa, yo te kite Ur a Kaldeyen yo ansanm, pou yo ta kapab antre nan peyi Canaan an. Yo te ale jis rive Haran, e yo te rete la.


Alò sa yo se achiv pou tout jenerasyon a Térach yo. Térach te vin papa Abram, Nachor, avèk Haran. Haran te fè Lot.


Konsa, li te kite peyi a Kaldeyen yo pou vin rete nan Charran. Depi la, lè papa l te vin mouri, Bondye te fè l deplase vin nan peyi sila a kote nou rete koulye a.


Konsa, nan tann li avèk anpil andirans, Abraham te resevwa pwomès la.


Apre Abram te viv dis lane nan peyi Canaan, madanm Abram nan, Saraï te pran Agar, sèvant Ejipsyen li an, e te bay li a mari li Abram kòm madanm li.


Abram te gen katre-ven-sis ane lè Agar te fè Ismaël pou li a.


Sa yo se tout ane lavi ke Abraham te viv, san-swasann-kenz ane.


Konsa, Jacob te kite Beer-Schéba e te ale vè Charan.


Alò, Lot, ki te ale avèk Abram, osi te gen bann mouton, twoupo, avèk tant.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite