Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 12:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Pou sa li te trete Abram byen pou koz li. Li te bay li mouton avèk bèf kabwa avèk bourik, ak sèvitè, ni mal ni femèl, ak femèl bourik avèk chamo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Poutèt Sarayi, farawon an te aji byen ak Abram. Li ba li kantite mouton, kabrit, bèf, bourik, chamo, san konte esklav, fanm kou gason, pou sèvi l.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 12:16
13 Referans Kwoze  

Epi Abram te trè rich nan bèt, lajan ak nan lò.


Epi tè a pa t kapab sipòte yo toude pou rete ansanm, paske byen yo te tèlman gran ke yo pa t kab rete ansanm.


Alò, Saraï, madanm Abram nan pa t bay li pitit. Li te gen yon sèvant Ejipsyen ki te rele Agar.


Konsa, Abimélec te pran mouton avèk bèf avèk sèvitè li yo, mal ak femèl. Li te bay yo a Abraham, e li te remèt madanm li, Sarah bay li.


SENYÈ a te beni mèt mwen an anpil, jiskaske li vin reyisi anpil. Li te bay li bann mouton ak twoupo, lò ak lajan, sèvitè ak sèvant yo, e chamo ak bourik.


Li te posede anpil bann mouton, twoupo avèk anpil chan bèt, jiskaske Filisten yo te vin anvi li.


Konsa, nonm nan te vin pwospere anpil. Li te vin gen gwo bann mouton, sèvant ak sèvitè, chamo avèk bourik.


Mwen gen bèf avèk bourik, avèk bann mouton, sèvitè avèk sèvant. M ap voye pou di mèt mwen sa, pou m kapab vin jwenn favè nan zye w.’”


Byen li te monte a sèt-mil mouton, twa-mil chamo, senk-san bèf kabwèt, senk-san femèl bourik ak anpil sèvitè. Nonm sila a se te pi gran òm nan tout pati lès la.


SENYÈ a te beni dènye jou a Job yo plis pase premye yo. Epi li te gen katòz-mil mouton ak si-mil chamo, ak mil bèf kabwèt ak mil femèl bourik.


“Men si esklav la di nan kè l: Mèt mwen ap mize pou rive, epi li kòmanse bat esklav yo, ni fanm, ni gason, epi manje, bwè, e vin sou;


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite