Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jenèz 12:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Alò te gen yon gwo grangou nan peyi a, ki fè Abram desann an Égypte pou pase yon tan, akoz gwo grangou a te tèlman di nan peyi a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Men, grangou tonbe sou peyi a, pat gen manje menm. Se poutèt sa Abram te desann nan peyi Lejip. Li rete la yon bon bout tan.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 12:10
21 Referans Kwoze  

Alò, gwo grangou a te rèd nan tout peyi a.


La yo t ap ranfòse nanm a disip yo. Yo t ap ankouraje yo pou kontinye nan lafwa, e te di: “Se ak anpil tribilasyon nou oblije antre nan Wayòm Bondye a.”


Alò yon gwo grangou te parèt nan tout Égypte ak Canaan, avèk gwo mizè, e zansèt nou yo pa t kab twouve manje.


“Bagay sa yo Mwen pale nou, pou nan Mwen, nou kapab gen lapè. Nan lemonn nou gen tribilasyon, men pran kouraj. Mwen venk lemonn.”


Sa se pawòl SENYÈ a a Jérémie konsènan gwo sechrès la:


Yon tè fètil vin tounen savann tè sale, akoz mechanste a sila ki rete ladann yo.


Yo t ap mache toupatou soti nan yon nasyon pou rive nan yon lòt, soti nan yon wayòm pou rive kote yon lòt pèp.


Anpil, se afliksyon a moun dwat la, men SENYÈ a delivre li sòti nan yo tout.


Te gen yon gwo grangou nan Samarie. Konsa, gade byen, yo te fè syèj la jis li rive ke tèt a yon bourik te vann pou katreven sik an ajan e yon ka kab poupou toutrèl pou senk sik ajan.


Lè Élisée te retounen Guilgal, te gen yon gwo grangou nan peyi a. Pandan fis a pwofèt yo te chita devan l, li te di a sèvitè li a: “Mete gwo bonm nan e fè yon bouyon pou fis a pwofèt yo.”


Alò, te gen yon gwo grangou nan jou a David yo pandan twazan, ane apre ane. Epi David te chache prezans a SENYÈ a. SENYÈ a te di: “Se akoz Saül ak kay sanglan li an, akoz li te mete Gabawonit yo a lanmò.”


Alò li te vin rive nan jou ke jij yo te gouvène yo, te genyen yon gwo grangou nan peyi a. Yon sèten mesye ki sòti Bethléem nan Juda te ale pou demere nan peyi Moab la avèk madanm li ak de fis li yo.


Koulye a, pa t gen manje nan tout peyi a, akoz gwo grangou a te tèlman rèd, ke peyi Égypte la ak peyi Canaan an te febli nèt akoz gwo grangou a.


Alò, fis Israël yo te vini pou achte sereyal pami sila ki t ap vini yo, paske gwo grangou a te nan peyi Canaan an tou.


Pèp yo de tout peyi te vini an Égypte pou achte sereyal Joseph yo, akoz gwo grangou a te rèd sou tout tè a.


Gwo grangou a te fin gaye sou tout sifas tè a. Konsa, Joseph te ouvri tout depo yo pou te vann manje bay Ejipsyen yo. Gwo grangou a te byen rèd nan peyi Égypte la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite