Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jenèz 11:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Pou sa, SENYÈ a te gaye yo toupatou sou tout tè a, e yo te sispann bati gran vil la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Se konsa Senyè a gaye yo toupatou sou late. Yo sispann bati lavil la.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 11:8
10 Referans Kwoze  

Li fè zèv pwisan yo avèk bra Li. Li te gaye sila avèk panse ògèy nan kè yo.


Lè Pi Wo a te bay nasyon yo eritaj yo, lè Li te separe fis a lòm yo, Li te etabli lizyè a tout pèp la Selon kantite a fis Israël yo.


Sila yo se fanmi a fis Noé yo selon jenerasyon yo, selon nasyon pa yo. Konsa, depi nan sa yo, nasyon yo te separe sou latè apre delij la.


Konsa, te ne a Héber de fis: non a youn te Péleg, paske nan jou pa l la latè te divize. Epi frè l la te rele Jokthan.


Pou koz sa a, yo te rele non vil la Babel, akoz ke se la, SENYÈ a te konfonn langaj yo nan tout latè. Depi la, SENYÈ a te gaye yo toupatou sifas a tout tè a.


Yo te di: “Vini, annou bati yon gran vil pou pwòp tèt nou, avèk yon kay wo tou won avèk yon twati ki va lonje rive jis nan syèl la. Konsa, annou fè pou pwòp tèt nou yon gran non, sof ke sa, nou va vin gaye toupatou sou tout sifas tè a.”


Modi se kòlè yo, paske li fewòs; epi vanjans yo, paske li te mechan. Mwen va separe yo nan Jacob, e gaye yo nan Israël.


Paske gade byen, lènmi Ou yo, O SENYÈ, paske gade byen, lènmi Ou yo va peri. Tout moun ki fè inikite yo va gaye nèt.


Depi nasyon sila a peyi kot yo te divize nan teritwa pa yo, yo chak selon langaj yo, selon fanmi pa yo, nan pwòp nasyon pa yo.


SENYÈ a ranvèse konsèy a nasyon yo. Li anile pwojè a pèp yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite