Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jenèz 10:32 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

32 Sila yo se fanmi a fis Noé yo selon jenerasyon yo, selon nasyon pa yo. Konsa, depi nan sa yo, nasyon yo te separe sou latè apre delij la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

32 Tout moun sa yo se branch fanmi pitit Noye yo, dapre zansèt yo, nasyon pa nasyon. Apre gwo inondasyon an, tout nasyon ki sou latè sòti nan pitit Noye yo.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 10:32
12 Referans Kwoze  

Twa sila yo se te fis Noé yo, e nan twa sila yo tout tè a te vin peple.


“Se Li menm ki te fè sòti nan yon sèl òm, tout nasyon a lòm yo, pou viv sou tout sifas tè a, e ki te deja detèmine fòs tan yo ta pase ladann, ak lizyè pou kote yo ta viv yo;


Alò, sa yo se achiv a jenerasyon yo pou Cham, Sem, ak Japhet, fis Noé yo. Fis te ne pou yo apre delij la.


Konsa, te ne a Héber de fis: non a youn te Péleg, paske nan jou pa l la latè te divize. Epi frè l la te rele Jokthan.


Sa yo se fis Cham yo selon fanmi pa yo, selon langaj yo, selon teritwa yo, selon nasyon pa yo.


Epi pou nou, se pou nou vin fekon, e miltipliye. Peple tè a anpil, e miltipliye ladann.”


Konsa, Bondye te beni Noé avèk fis li yo. Li te di yo: “Se pou nou vin fekon, miltipliye, e ranpli latè.


Men sila ki se fis Sem yo, selon fanmi pa yo, selon langaj yo, selon teritwa yo, selon nasyon yo.


Alò, tout latè te sèvi avèk menm lang avèk menm mo.


Depi nasyon sila a peyi kot yo te divize nan teritwa pa yo, yo chak selon langaj yo, selon fanmi pa yo, nan pwòp nasyon pa yo.


A sila yo menm sèl ke tè a te donnen, e pa t gen etranje ki te pase pami yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite