Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 8:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Men lè yo te pèsiste avèk demann sa a, Li te leve dwat epi te reponn yo: “Sila a ki pa gen peche pami nou, kite l se premye moun pou voye yon wòch sou li.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Men, moun yo t'ap kouvri l ak kèsyon. Jezi leve atè a, li di yo: — Se pou moun ki konnen li pa janm peche a ba l premye kout wòch la.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Tout tan l ap ekri a lidè Jwif yo te kontinye poze l kesyon. Lè sa a, Jezi kanpe li gade mesye yo epi li di: “Nenpòt moun la a ki san peche, ba l premye kout wòch la.”

Gade chapit la Kopi




Jan 8:7
18 Referans Kwoze  

Ke pawòl nou yo toujou ranpli ak gras, kòmsi yo te asizonnen avèk sèl, pou nou kapab konnen jan pou nou reponn a chak moun.


“Konsa, repanti; sinon, Mwen va vini kote nou vit, e Mwen va fè lagè kont yo avèk nepe a bouch Mwen an.


Nan bouch Li, te sòti yon nepe file. E avèk li, Li kapab frape nasyon yo. Li va gouvène yo avèk yon baton an fè. Li va foule pèz diven ak gwo kòlè Bondye Toupwisan an.


Nan men dwat Li, Li te kenbe sèt etwal. Yon nepe file de bò te sòti nan bouch Li. Figi Li te tankou solèy k ap briye nan pwisans li.


Ofisye yo te reponn: “Janmen yon moun pa pale tankou moun sa a pale.”


Èske pawòl Mwen pa tankou yon dife?” deklare SENYÈ a: “Èske li pa tankou yon mato ki kraze fann wòch?”


Genyen yon moun ki pale san pridans tankou sila k ap goumen ak nepe yo; men lang a saj la pote gerizon.


Ankò Li te bese e te kòmanse ekri atè a.


Jésus te leve, e te di li: “Fanm, kote yo ye? Nanpwen youn ki kondane ou?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite