Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 8:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Pawòl sa yo Li te pale nan trezò a, pandan Li t ap enstwi nan tanp lan. Men pèsòn pa t sezi Li, paske lè Li poko te rive.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

20 Jezi te nan tanp lan, kote yo mete bwat pou fè ofrann yo. Se la li t'ap di yo tout pawòl sa yo, li t'ap moutre moun yo anpil lòt bagay ankò. Men, pèsonn pat mete men sou li, paske lè l pat ankò rive.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

20 Jezi te di pawòl sa yo pandan l t ap anseye nan tanp lan, nan plas kote yo mete ofrann yo ranmase nan tanp lan. Men pèsonn pa t arete li paske jou l pa t ko rive.

Gade chapit la Kopi




Jan 8:20
17 Referans Kwoze  

E yo t ap chache pou sezi Li, men pèsòn pa t mete men sou Li, paske lè Li poko te rive.


“Monte nan fèt la nou menm. Mwen pa ale nan fèt sila a, paske lè Mwen poko fin acheve.”


Li te chita anfas trezò tanp lan, e te kòmanse gade jan foul la t ap mete kòb yo nan trezò a. Anpil moun rich t ap mete gwo lajan ladann.


Kèk te vle sezi Li, men pèsòn pa t mete men l sou Li.


Li te rele disip Li yo a Li menm e Li te di yo: “Anverite Mwen di nou, vèv malere sila a te mete plis pase tout lòt ki bay nan trezò a.


Chèf prèt yo te pran pyès ajan yo, e te di: “Sa pa pèmèt pou nou mete yo nan kès tanp lan, akoz ke se pri san.”


Pou sa, yo t ap chache ankò pou kenbe L, men Li te evite men yo.


Konsa, yo pran wòch pou lapide Li, men Li te kache kò Li, e te kite tanp la.


Skrib yo avèk chèf prèt yo te eseye mete men sou Li, nan menm lè sa a, men yo te pè pèp la. Paske yo te byen konprann ke Li te pale parabòl sa a kont yo menm.


paske kat chèf gadyen pòtay ki te Levit yo, te nan yon pozisyon konfyans lan e te sou chanm yo ak sou trezò lakay Bondye a.


Nan moman sa a, Jésus te di a foul la: “Èske nou vini avèk nepe ak baton pou arete M, konsi nou ta vin kont yon vòlè? Chak jou Mwen te konn chita nan tanp lan pou enstwi nou, e nou pa t janm sezi M.


Alò, Li leve zye li e te wè moun rich yo ki t ap mete ofrann nan bwat kès nan tanp lan.


Jésus te di li: “Fanm, kisa mwen gen avèk ou? Lè M poko rive.”


Men se lè yo te rive nan mitan fèt la ke Jésus te monte nan tanp lan, e te kòmanse ansegne.


Gran maten a Li te vini ankò nan tanp lan, e tout pèp la t ap vin kote Li. E Li te chita, pou kòmanse enstwi yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite