Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 8:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Li te di: “Pa youn, Senyè.” Jésus te di “Ni Mwen menm, mwen pa kondane ou nonplis. Ale, epi depi koulye a, pa peche ankò.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Li reponn: — Pèsonn non, Mèt. Jezi di li: — Mwen menm tou, mwen pa kondannen ou. Ou mèt ale. Men, pa janm fè peche ankò.]

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Madam nan reponn: “Non Senyè!” Lè sa a Jezi di li: “Mwen menm tou, mwen pa kondane w. Ou mèt ale, men yon sèl bagay, pa peche ankò.”

Gade chapit la Kopi




Jan 8:11
27 Referans Kwoze  

Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.


Apre, Jésus te twouve li nan tanp lan, e te di l: “Gade, ou gen tan geri. Pa peche ankò pou anyen pi mal pa vin tonbe sou ou.”


“Nou menm nou jije pa lachè, men Mwen p ap jije pèsòn.


“Mwen di nou ke menm jan an, va gen plis jwa nan syèl la sou yon pechè ki repanti, ke sou katreven-diznèf moun ki pa bezwen repanti.


Mwen pa t vini pou rele jis yo, men pechè yo a larepantans.


Sila ki kache transgresyon li yo, p ap fè pwogrè; men sila ki konfese yo e kite yo, va jwenn konpasyon.


“Paske èske nenpòt kon di Bondye, ‘Mwen koupab, mwen p ap fè ofans ankò;


Oubyen èske ou panse ke richès a bonte Li, tolerans ak pasyans Li se yon bagay lejè, san nou konprann ke se bonte Bondye menm ki mennen nou nan larepantans?


Mwen di nou: ‘Non’, men amwenske nou repanti, nou tout ap peri konsa.


“Menm jan an konsa, Mwen di nou, gen lajwa nan prezans zanj Bondye yo, sou yon sèl pechè ki repanti.”


Jésus te reponn: “Wayòm Mwen pa de mond sila a. Si wayòm Mwen te de mond sila a, sèvitè Mwen yo ta goumen pou Mwen pa ta livre a Jwif yo, men koulye a, wayòm Mwen pa de isit.”


Men nou te dwe fè fèt, e rejwi, paske frè ou sa ate mouri, e li kòmanse ap viv ankò. Li te pèdi, e koulye a, li retwouve.’”


“Mwen di nou non, men amwenske nou repanti, nou tout va peri menm jan an.”


Chache SENYÈ a pandan Li kapab twouve; rele Li pandan Li toupre a.


“Konsa, nou va rive kote prèt Levit la ki se chèf la nan jou sa yo, nou va mande yo, e yo va deklare jijman sou ka a.


“Nou va chwazi pou nou menm jij avèk ofisye nan tout vil ke SENYÈ, Bondye nou an, ap bannou yo, selon tribi yo, e yo va jije pèp la avèk jijman ki dwat.


Konsidere pasyans a Senyè a kòm sali nou. Menmjan an osi ak frè byeneme nou an, Paul, te ekri nou, selon sajès ke li te resevwa a,


Paske kisa mwen gen pou fè nan jije moun deyò yo? Èske se pa sila anndan legliz yo pou nou jije?


paske Fis a Lòm nan pa t vini pou detwi lavi moun, men pou sove yo.” Konsa, yo te kontinye pou ale nan yon lòt vil.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite