Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 7:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 “Lemonn pa kapab rayi nou. Men Li rayi Mwen, paske Mwen temwaye sou li ke zèv li yo mechan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Moun k'ap viv dapre prensip ki nan lemonn pa ka rayi nou. Men, mwen menm yo rayi m paske mwen di sa y'ap fè a pa bon.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Lemonn pa kapab rayi nou. Men lemonn rayi mwen, paske m ap di moun nan lemonn zèv yo pa bon.

Gade chapit la Kopi




Jan 7:7
27 Referans Kwoze  

“Sa se jijman an, ke limyè a te vini nan lemond, men lòm te renmen tenèb la olye limyè a. Paske zèv pa yo te mechan.


Èske konsa mwen vin lènmi nou akoz ke m di nou Verite a?


Yo sòti nan lemonn an. Akoz sa yo pale tankou lemonn an, epi lemonn an koute yo.


Nou menm, moun adiltè yo, èske nou pa konprann ke amitye avèk mond lan se rayisman anvè Bondye? Konsa, nenpòt moun ki vle zanmi ak mond lan fè tèt li lènmi ak Bondye.


“Mwen te bay yo pawòl Ou. E lemonn rayi yo. Paske yo pa nan lemonn, menm jan ke Mwen pa nan lemonn.


Konsa, panse ki konsantre sou lachè se lènmi a Bondye, paske li pa soumèt tèt li a Lalwa Bondye. Paske li pa posib pou lachè a fè sa.


Achab te di a Élie: “Èske ou vin jwenn mwen, O lènmi mwen?” Epi li te reponn: “Mwen te jwenn ou akoz ou te vann tèt ou pou fè mechanste nan zye SENYÈ a.


Paske chak fwa ke m pale, mwen kriye fò; mwen pwoklame vyolans ak destriksyon! Konsa, pawòl SENYÈ a te fè m resevwa repwòch. Mwen pase nan rizib tout lajounen.


Men sila ki peche kont mwen an, fè pwòp tèt li mal; tout sila ki rayi mwen yo, renmen lanmò.”


“Malè a nou menm lè tout moun pale byen de nou, paske menm jan an, zansèt yo te konn aji avèk fo pwofèt yo.


“Konsa, Mwen va vin kote nou pou jijman. Mwen va fè temwen byen rapid kont wangatè yo, kont moun adiltè yo, ak kont sila k ap fè fo temwayaj yo; kont sila k ap oprime ouvriye yo nan salè yo, vèv yo, òfelen yo, sila ki refize bay soutyen yo a etranje yo, ak sila ki pa gen lakrent Mwen yo,” pale SENYÈ, dèzame yo.


Epi mwen te koupe retire nèt twa bèje sila yo nan yon mwa, paske nanm mwen te pèdi pasyans avèk yo, e nanm pa yo te fatige avè m tou.


Konsa pale SENYÈ a, Redanmtè Israël la ak Sila Ki Sen li an, a Sila ke lòm meprize a, a Sila ki rayi pa nasyon an, a Sèvitè a chèf yo: “Wa yo va wè e vin leve, Prens yo, anplis, va vin pwostène, akoz SENYÈ a, Sila ki fidèl la, Sila Ki Sen an Israël ki te chwazi Ou a.”


sila ki pou valè a yon sèl pawòl, rele moun nan tribinal la, epi fè pyèj pou sila ki korije moun nan pòtay la, e ak fwod, rache dwa inosan an ak fo temwayaj.


Sila ki moke a pa renmen sila ki fè l repwòch la; li pa janm ale kote moun saj.


Wa Israël la te di a Josaphat: “Genyen toujou yon nonm pa sila nou kapab fè demann SENYÈ a, men mwen rayi li, akoz li pa pwofetize sa ki bon pou mwen, men sa ki mal. Michée, fis a Jimla a.” Men Josaphat te di: “Pa kite wa a di sa.”


Konsa, yo te rekonpanse mwen mal pou byen ak rayisman pou lanmou m.


Prèt la va gade l. Si gen yon enflamasyon blan sou po a, li fè plim li vin blan, e gen maleng nan enflamasyon an,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite