Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 7:52 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

52 Yo te reponn li e te di: “Èske ou menm sòti nan Galilée tou? Egzaminen Lekriti yo epi ou va wè ke nanpwen pwofèt ki sòti nan Galilée.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

52 Yo reponn li: — Gen lè, ou menm tou, ou se moun Galile? Al etidye sa ki ekri nan Liv la, w'a wè pa gen pwofèt ki janm sòti nan peyi Galile. [

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

52 Lidè Jwif yo reponn: “Gen lè se moun Galile ou ye tou! Etidye Bib la. Èske ou ap jwenn okenn pwofèt ki soti Galile?”

Gade chapit la Kopi




Jan 7:52
11 Referans Kwoze  

Men yo te di: “Mete ou akote.” Anplis ke sa yo te di: “Sila te antre tankou etranje, e deja l ap aji kòm jij. Pou sa a, nou va trete ou pi mal pase yo.” Epi yo te peze rèd kont Lot, e yo te prèt pou kase pòt la.


Konsa, Sédécias, fis a Kenaana a te vin toupre e te frape Michée sou machwè li. Li te di: “Kijan lespri SENYÈ a te pase sòti nan mwen pou pale avèk ou?”


Men li te di: “Kilès ki te fè ou prens, oswa jij sou nou? Èske ou gen entansyon vin touye mwen jan ou te touye Ejipsyen an?” Alò konsa Moïse te vin pè. Konsa li te di: “Anverite, afè sa gen tan vin konnen.”


Nathanaël te di l “Èske yon bon bagay kapab sòti nan Nazareth?” Philippe te reponn: “Vini pou wè.”


Nou chache tout Ekriti Sen yo paske nou kwè ke nan yo menm nou gen lavi etènèl. E se yo menm ki temwaye de Mwen menm.


Lòt t ap di: “Sa se Kris la”. Men toujou lòt t ap di: “Asireman nou pa ta kwè Kris la ta pral sòti nan Galilée!


E tout moun ale lakay yo.


Yo te reponn li e te di: “Ou te fèt nèt nan peche! Èske ou ap enstwi nou?” Konsa, yo te mete l deyò.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite