Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 7:42 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

42 Èske Ekriti Sen an pa konn di ke Kris la va sòti nan ras David, epi nan Bethléem, vil kote David te ye a?”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

42 Liv la di: Kris la, se yon pitit pitit David la ye. Se Betleyèm li gen pou l sòti, lavil kote David te pase tout lavi li a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

42 Bib la di Kris la ap soti nan fanmi David. Epi yo di se Bètleyèm l ap soti, lavil kote David te rete a.”

Gade chapit la Kopi




Jan 7:42
17 Referans Kwoze  

Salma, papa a Bethléem; Hareph, papa a Beth-Gader.


SENYÈ a te sèmante a David anverite. Sou sila Li p ap fè bak: “Nan fwi a kò Ou, mwen va etabli sou twòn Ou.


‘Mwen va etabli jèm ou nèt e bati twòn Ou pandan tout jenerasyon yo.’” Tan


Yon boujon va vòltije soti nan chouk Jessé a e yon branch ki sòti nan rasin li, va bay anpil fwi.


“Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “lè Mwen va fè leve pou lakay David, yon branch plen ladwati. Li va renye kon wa, aji ak sajès e fè jistis ak ladwati nan peyi a.


Men ou menm, Bethléhem Éphrata, pi piti pami fanmi a Juda yo, nan ou va soti de Mwen Youn pou vin chèf an Israël. Lè pou L vin parèt la te etabli depi nan tan ansyen yo, jis rive nan jou etènite yo.


Rejis a zansèt Jésus Kris yo, fis a David, fis a Abraham nan.


Yo te di li: “Nan Bethléem a Judée jan li te ekri pa pwofèt la”;


“E ou menm, Bethléem, peyi Judée, ou pa manke valè pami chèf Judée yo: paske yon Gran Chèf k ap sòti nan ou menm, Li va vin yon bèje pou pèp Mwen an, Israël”.


Paske jodi a nan vil David la, te vin ne pou nou menm, yon Sovè, ki se Kris la, Senyè a.


Anplis, Joseph te monte kite Galilée nan vil Nazareth la, pou rive nan Juda, vil David, ke yo rele Bethléhem nan, akoz ke li te sòti nan kay ak fanmi a David,


Men nou menm konnen kote mesye sa a sòti. Men nenpòt lè Kris La vini, pèsòn p ap konnen kote Li sòti.”


Alò, SENYÈ a te di a Samuel: “Pandan konbyen de tan ou va lamante pou Saül, paske Mwen te rejte li kòm wa sou Israël? Ranpli poban ou avèk lwil e ale. Mwen va voye ou vè Jesse, mesye Bethléhem nan, paske mwen te chwazi yon wa pou kont Mwen pami fis li yo.”


Alò, youn nan jennonm sa yo te di: “Gade byen, mwen konn wè yon fis a Jesse, Betleyemit lan, ki se yon mizisyen byen fò, yon mesye pwisan avèk anpil kouraj, yon gèrye, yon moun ki saj nan pawòl, yon bo gason; epi SENYÈ a avè l.”


Konsa, Samuel te fè sa ke SENYÈ a te di a, e li te vini Bethléhem. Epi ansyen lavil yo te vin rankontre li tou. Ak tranbleman yo pwoche l e te di: “Èske nou vini nan lapè?”


Saül te di li: “Se fis a kilès ou ye jennonm?” Epi David te reponn li: “Fis a sèvitè ou, Jesse, Betleyemit lan.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite