Jan 7:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen12 Epi te gen anpil pale pami foul la ki t ap fèt sou Li. Kèk t ap di: “Li se yon bon moun.” Lòt t ap di: “Non, okontrè l ap egare moun yo.” Gade chapit la1998 Haïtienne12 Nan tout foul moun yo, yo t'ap pale nan zòrèy sou li anpil. Gen moun ki t'ap di: — Se yon nonm debyen wi. Gen lòt ki t'ap di: — Non, se pete l'ap pete moun. Gade chapit laNouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil12 Te gen anpil moun la. Anpil nan yo t ap pale an sekrè antre yo de Jezi. Kèk nan yo te di: “Se yon nonm de byen li ye.” Men kèk lòt t ap di: “Se pa vre, mesye ap twonpe moun yo.” Gade chapit la |