Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 7:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Men lè frè Li yo te ale nan fèt la, alò, Li menm tou te monte. Pa an piblik, men kòmsi an sekrè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Apre frè l yo fin pati al nan fèt la, Jezi ale tou, men an kachèt. Li pat kite pèsonn wè li.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Alò frè l yo pati y al nan fèt la. Lè yo fin pati, Jezi pati tou, men l te ale an sekrè.

Gade chapit la Kopi




Jan 7:10
13 Referans Kwoze  

Veye byen, Mwen voye nou tankou mouton nan mitan lou. Konsa, se pou nou saj kon sèpan, men inosan kon toutrèl.


Alò nan yon tan konsa, sila ki saj la oblije rete an silans, paske tan an vin plen ak mechanste.


Men lè dat fikse a te rive, Bondye te voye Fis Li a fèt de yon fanm, fèt anba Lalwa


Pou sa, Jésus pa t ankò mache an piblik pami Jwif yo, men te kite la pou ale nan peyi toupre dezè a, nan yon vil yo rele Éphraïm. Li te rete la avèk disip Li yo.


Paske menm frè Li yo pa t kwè nan Li.


Frè Li yo te di L: “Kite isit la epi ale nan Judée pou disip pa W yo osi kapab wè zèv ke Ou ap fè yo.


Men Jésus te reponn li. Li te di l: “Kite sa fèt nan moman sa a; paske se konsa li dwe fèt pou nou kapab akonpli tout ladwati.” Konsa li te kite sa fèt.


Mwen pran plezi nan fè volonte pa Ou, O SENYÈ. Lalwa Ou nan kè m.”


O SENYÈ, Mwen renmen abitasyon lakay Ou, avèk kote ke glwa Ou rete a.


Pandan Li te toujou ap pale avèk foul la, konsa, manman L avèk frè Li yo te vin parèt pa deyò akoz yo te vle pale avèk Li.


Lè pwòp fanmi pa Li te tande sa, yo te ale deyò pou pran chaj Li, paske yo t ap di: “Li gen tan pèdi bon tèt Li”.


Lè L fin di yo bagay sa yo, Li te rete nan Galilée.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite