Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 7:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Apre bagay sa yo, Jésus t ap mache nan Galilée. Li pa t dakò pou mache nan Judée pwiske Jwif yo t ap chache pou touye L.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Apre sa, Jezi t'ap mache toupatou nan peyi Galile, li pat vle ale nan peyi Jide menm, paske jwif yo t'ap chache touye li.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Apre sa, Jezi te fè laviwonn teritwa Galile a. Li pa t vle ale nan peyi Jide, paske chèf Jwif yo t ap chache touye li.

Gade chapit la Kopi




Jan 7:1
19 Referans Kwoze  

Men nenpòt lè ke yo pèsekite nou nan yon vil, sove ale nan yon lòt. Paske anverite Mwen di nou, nou p ap gen tan fin pase nan tout vil Israël yo, pou lè Fis a Lòm nan vini.


Men lè kiltivatè yo te wè fis la, yo te di pami yo, ‘Sa se eritye a. Vini, annou touye li epi sezi eritaj li a.’


Chèf prèt yo avèk skrib yo te tande, e yo te kòmanse ap chèche jan pou detwi Li. Paske yo te pè Li akoz tout foul la te etone pa prensip ke Li te bay yo.


E sa se temwayaj a Jean, lè Jwif yo te voye prèt yo avèk Levit yo pou mande l “Ki moun ou ye?”


li te kite Judée epi te pati ankò pou Galilée.


Sa se te ankò dezyèm sign ke Jésus te fè lè Li te kite Judée pou L antre nan Galilée.


Apre bagay sa yo, Jésus te ale lòtbò Lamè Galilée a (oubyen Tibériade).


Konsa, Jwif yo t ap chache pou Li nan fèt la e t ap di: “Kote Li ye?”


Malgre sa, pèsòn pa t pale ovètman konsènan Li, paske yo te pè Jwif yo.


“Èske Moïse pa t bay nou lalwa, men malgre sa, pa gen nan nou ki swiv lalwa? Poukisa nou ap chache touye M?”


Pou sa, kèk nan pèp Jérusalem la t ap di: “Se pa mesye sila a ke y ap chache touye a?


Pou sa Jwif yo te di youn ak lòt: “Kote mesye sa a prale pou nou p ap kab twouve L? Ou pa sipoze ke L ap prale nan dyaspora pami Grèk yo, pou l enstwi Grèk yo?


“Mwen konnen ke nou se pitit Abraham, men nou ap chache touye M, paske pawòl Mwen pa gen plas nan nou.


Men jan li ye a, nou ap chache pou touye M, yon nonm ki di nou laverite ke M te tande depi nan Bondye. “Sila a, Abraham pa t janm fè.


sou Jésus de Nazareth la, jan Bondye te bay li onksyon avèk Lespri Sen an, e avèk pwisans, Li te ale toupatou e t ap fè byen, jan Li te geri tout moun ki te oprime pa dyab la, paske Bondye te avè L.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite