Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 6:51 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

51 “Mwen menm se pen vivan ki desann sòti nan syèl la. Si nenpòt moun manje pen sa a, l ap viv jis pou jamen. E pen osi ke M ap bay pou lavi lemonn nan se chè Mwen.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

51 Se mwen menm, pen ki bay lavi a, pen ki desann soti nan syèl la. Si yon moun manje pen sa a, l'ap viv pou tout tan. Pen mwen gen pou m'bay la, se kò mwen. M'ap bay li pou lavi tout moun.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

51 Mwen se pen vivan an ki desann soti nan syèl. Nenpòt moun ki manje nan pen sa a, l ap viv pou tout tan. Pen sa m ap bay la, se kò mwen. M ap bay li, kon sa moun nan lemonn kapab gen lavi lè m va mouri pou yo.

Gade chapit la Kopi




Jan 6:51
30 Referans Kwoze  

Lè L te fin pran yon pen e te beni li, Li te kase l. Li te bay yo e te di: “Sa se kò M ki bay pou nou menm. Fè sa nan memwa a Mwen menm.”


Paske pen Bondye a se sila ki desann, sòti nan syèl la, e bay lavi a lemonn lan.”


“Nanpwen pèsòn ki monte nan syèl la sof ke Li menm ki te desann sòti nan syèl la, Fis a Lòm nan menm.


ki te bay tèt Li pou nou, pou rachte nou de tout zèv malveyan, e pirifye pou tèt Li yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, ki zele pou fè bon zèv.


Menm jan ke Fis a Lòm nan pa t vini pou fè lòt sèvi Li, men pou sèvi lòt yo, e pou bay vi li pou ranson vi a anpil lòt moun.”


pa yon chemen tounèf e vivan ke Li te ouvri pou nou atravè vwal la, ki se chè Li,


Li te fè Sila ki pa t konnen okenn peche a devni peche pou nou menm, pou nou ta kapab devni ladwati Bondye nan Li menm.


Vin kote Sila ki kòm yon wòch vivan te rejte pa lèzòm, men ki chwazi pa Bondye, e presye nan zye Li.


Mache nan lanmou, jan Kris osi te renmen nou, e te bay tèt Li pou nou, kòm yon ofrann ak yon sakrifis a Bondye, kon yon pafen ki santi bon.


“Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl.


Nan jou aprè li te wè Jésus ki t ap vin kote l e te di: “Men gade Jenn Mouton Bondye a k ap retire peche mond lan.


Konsa, nou gen tan wè epi fè temwen ke Papa a te voye Fis la kòm Sovè lemonn an.


Nan sa se lamou; pa ke nou te renmen Bondye, men ke Li te renmen nou, epi te voye Fis Li kon sakrifis pwopiyatwa (sèl sakrifis la ki te akseptab pou peche nou yo).


Se Li menm ki sakrifis ekspiyatwa a pou peche nou yo, non sèlman pou nou, men pou tout lemonn lan.


E pawòl la te vin lachè, e te viv pami nou. Nou te wè glwa Li, kon glwa a sèl Fis inik a Papa a, ranpli avèk gras ak verite.


Mari, renmen madanm nou, jan Kris osi te renmen legliz la, e te bay tèt Li pou Li,


Kòmsi ke Bondye te nan Kris ki t ap rekonsilye mond lan a Li menm, san konte ofans pa yo kont yo menm, e Li te livre bannou, pawòl a rekonsilyasyon an.


Sila ki kwè nan Mwen, tankou Ekriti Sen an di: ‘Sòti nan pi fon anndan l va fè koule rivyè dlo vivan yo.’”


“Menm jan Moïse te leve sèpan an nan dezè a, konsa fòk Fis a Lòm nan vin leve wo,


Sila ki kwè nan Fis la genyen lavi etènèl; men sila li ki pa obeyi Fis la, p ap wè lavi, men lakolè Bondye va rete sou li.


“Anverite, Anverite, Mwen di nou, moun ki tande pawòl Mwen, epi kwè Li menm ki te voye Mwen an, genyen lavi etènèl, epi pa p vini nan jijman, men li gen tan kite lanmò, pou antre nan lavi.


Jésus te di yo: “Mwen menm se pen lavi a. Moun ki vini kote Mwen p ap grangou, e sila ki kwè nan Mwen, p ap janm swaf.


Pou sa, Jwif yo t ap mimire paske Li te di: “Mwen menm se pen ki desann soti nan syèl la.”


“Anverite, anverite, Mwen di nou, sila ki kwè gen lavi etènèl.


Mwen se pen lavi a.


“Sila a se pen ki sòti desann nan syèl la. Pou moun kab manje l epi pa mouri.


E tout moun ki viv e kwè nan Mwen, p ap janm mouri. Èske ou kwè sa?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite