Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 6:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 Jésus te reponn yo e te di: “Anverite, anverite Mwen di nou, nou pa chache M paske nou te wè sign yo, men paske nou te manje pen, epi te plen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

26 Jezi reponn yo: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Se pa paske nou wè mirak mwen fè yo non kifè n'ap chache m konsa. Se paske nou manje pen plen vant nou.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

26 Jezi reponn yo: “Se vre! Nou byen konprann mwen te dwe vini ak pouvwa Bondye. Men, mwen kapab konstate, se pa paske nou wè mirak n ap chache m. N ap chache m paske nou te manje pen epi vant nou te plen.

Gade chapit la Kopi




Jan 6:26
20 Referans Kwoze  

ki gen pou fen, destriksyon, ki gen pou dye pa yo apeti yo, e ki gen pou glwa yo, wont yo, ki fikse panse yo sou bagay tèrès yo.


Paske yo tout chache pwòp enterè pa yo, e pa sila a Kris Jésus a.


Yo vin kote ou jan moun konn vini. Yo chita devan ou tankou pèp Mwen an pou yo tande pawòl ou. Men yo pa fè yo. Paske nan bouch, yo renmen, men kè yo ap kouri dèyè pwòp benifis pa yo.


diskisyon san rete antremoun ak panse konwonpi e san verite, ki sipoze ke vi sentete a se yon mwayen pou fè pwofi.


Paske moun konsa se esklav yo ye, pa a Senyè nou an, Kris la, men a pwòp apeti pa yo. Ak pawòl ki dous e flatè, yo desi kè a inosan yo.


E yon gran foul te swiv Li paske yo te wè sign ke Li t ap fè sou sa ki te malad yo.


Paske kè yo pa t fèm vè Li menm, ni yo pa t fidèl selon akò Li.


Konsa, lè foul la te wè ke Jésus pa t la, ni disip Li yo, yo menm te antre nan ti kannòt yo, e te vini a Capernaüm pou chache Jésus.


Jésus te reponn li “Anverite, anverite, Mwen di ou, anmwenske yon moun fèt pa dlo, epi pa Lespri, li p ap kapab antre nan wayòm syèl la.


Jésus te reponn e te di: “Anverite, anverite, Mwen di ou, anmwenske yon moun ne ankò, li p ap kapab wè wayòm syèl la.”


“Men gen nan nou ki pa kwè.” Pwiske Jésus te konnen depi nan kòmansman kilès nan yo ki pa t kwè, epi kilès li te ye ki t ap trayi li a.


Pou sa, Jésus te di yo: “Anverite, anverite Mwen di nou, anmwenske nou manje chè Fis a Lòm nan, epi bwè san Li, nou pa gen lavi nan nou menm.


“Anverite, anverite, Mwen di nou, sila ki kwè gen lavi etènèl.


Pou sa yo te di Li: “Kisa konsa ou fè kon sign, pou nou kapab wè epi kwè ou? Ki zèv ou fè?”


Lè Jésus apèsi ke yo gen lentansyon pou te vin pran L pa lafòs pou fè L wa, Li te retire kò Li ankò, epi ale nan mòn nan pou kont Li.


E pou sa, lè moun yo te wè sign ke Li te fè a, yo te di: “Anverite sa se Pwofèt ki gen pou vini nan lemonn nan.”


“Men Mwen di nou ke nou wè M, e malgre, nou pa kwè.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite