Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 5:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Imedyatman, nonm nan te geri, te pran kabann li, epi te kòmanse mache. Jou sa a se te jou Saba.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Menm llè a, nonm lan geri. Li ranmase nat li, li pran mache. Men twouve, jou sa fèt la, se te yon jou saba.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Menm lè a, nonm nan geri. Li pran kabann li epi li te kòmanse mache. Men bagay sa a te rive yon jou saba.

Gade chapit la Kopi




Jan 5:9
15 Referans Kwoze  

Moun bwate yo va vòltije tankou sèf, e lang bèbè a va rele ak gwo jwa. Paske dlo va pete nan tè sèch yo, ak vwa dlo yo nan dezè a.


Konsa pale SENYÈ a: “Veye afè nou e pa pote okenn chaj nan jou Saba a, ni pa mennen anyen antre nan pòtay Jérusalem nan.


Jésus te vin kote l. Li te leve li pa men li, epi lafyèv la te kite li. Konsa li te sèvi yo.


Konsa, touswit lèp la te kite l, e li te vin pwòp.


Jésus te di l: “Ale! Lafwa ou fè ou geri.” Lapoula, li te wè ankò, e li t ap swiv Li sou wout la.


Konsa, nan menm moman an, ekoulman san an te vin seche, e fanm nan te santi nan kò l ke maladi a te geri.


Apre, Jésus te twouve li nan tanp lan, e te di l: “Gade, ou gen tan geri. Pa peche ankò pou anyen pi mal pa vin tonbe sou ou.”


Si yon moun resevwa sikonsizyon nan Saba a, pou anpeche lalwa Moïse la vyole, èske nou fache avè M akoz ke Mwen te fè yon moun geri nèt nan Saba a.


Alò, se te nan jou Saba ke Jésus te fè ajil la e te louvri zye li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite