Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 5:43 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

43 “Mwen te vini nan non Papa M, e nou pa resevwa M. “Men si yon lòt vini nan pwòp non pa l, li menm nou va resevwa l.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

43 Mwen, se Papa mwen ki voye mwen. Men nou pa resevwa mwen. Epi, kite yon lòt moun vin nan pwòp non li, n'ap kouri resevwa li.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

43 Mwen vini soti bò kote Papa m epi mwen pale nan non li. Malgre tout sa, nou pa aksepte m. Epi lè lòt moun vini pale pou pwòp tèt yo, nou aksepte yo san pwoblèm.

Gade chapit la Kopi




Jan 5:43
13 Referans Kwoze  

Jésus te di yo: “Mwen te di nou, e nou pa kwè M. Zèv ke M fè nan non Papa M yo, sa yo fè temwayaj de Mwen.”


Konsa, anpil moun ap vini nan non Mwen k ap di: ‘Se Mwen ki Kris La’, e yo va kondwi anpil moun nan erè.


“Paske Mwen pa t desann kite syèl la pou fè pwòp volonte pa M, men volonte a Li menm ki te voye M nan.


Papa, ke non Ou kapab resevwa glwa!” Yon vwa te sòti nan syèl la: “Mwen te non sèlman bay li glwa a, men Mwen va bay li glwa ankò.”


Paske fo Kris yo ak fo pwofèt yo ap prezante e montre gwo sign avèk mirak pou yo ta kab, si li te posib, redwi nan erè menm sila ki eli yo.


“Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl.


Alò se pa ou menm Ejipsyen an ki kèk tan pase te soulve yon revòlt, e te mennen kat mil òm asasen pou rive nan dezè a?”


Konsa, ou te fè lanvi pou bagay lèd jenès ou yo lè Ejipsyen yo te konn manyen lestonmak ou akoz tete jenès ou yo.


Men Mwen konnen nou, ke nou pa genyen lamou Bondye nan nou menm.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite