Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 5:41 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

41 “Mwen pa resevwa glwa ki sòti nan lòm.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

41 — Mwen p'ap chache lwanj nan men lèzòm.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

41 Mwen pa bezwen moun fè lwanj pou mwen.

Gade chapit la Kopi




Jan 5:41
12 Referans Kwoze  

Sila ki pale pou kont li chache pwòp glwa pa li, men Sila k ap chache glwa a Sila ki te voye L la; Li menm se verite, e pa gen linikite nan Li.


ni nou pa t chache glwa ki sòti nan lòm, ni nan nou menm, ni nan lòt yo, menmsi kòm apot a Kris, nou ta dwe montre otorite nou.


Men Mwen pa chache glwa pa M. Men gen youn ki chache, epi ki jije.


Men temwayaj ke Mwen resevwa a pa sòti nan lòm, men Mwen di nou bagay sa yo pou nou kapab sove.


Jésus te reponn yo: “Si Mwen bay glwa a Mwen menm, glwa sa a pa anyen. Se Papa M ki fè M resevwa glwa. De kilès ke ou di M: ‘Li se Bondye Nou.’


Lè Jésus apèsi ke yo gen lentansyon pou te vin pran L pa lafòs pou fè L wa, Li te retire kò Li ankò, epi ale nan mòn nan pou kont Li.


Kijan nou kapab kwè lè nou resevwa glwa ki sòti nan youn anvè lòt, e nou pa chache glwa a ki sòti sèlman nan sèl Bondye ki genyen an.


Paske, lè Li te resevwa laglwa ak lonè Bondye, Papa a, yon pawòl konsa te fèt a Li pa Laglwa Majeste a: “Sa se Fis byeneme Mwen an; avèk Li, Mwen byen kontan.”


Paske nou te rele pou koz sa a akoz ke Kris osi te soufri pou nou. Li te kite yon egzanp pou nou swiv pazapa,


“Malgre, nou pa dakò pou vin kote M pou nou ta kapab gen lavi.


Men Mwen konnen nou, ke nou pa genyen lamou Bondye nan nou menm.


Paske yo te gen lanvi pou lwanj a lòm olye lwanj Bondye.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite