Jan 4:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen9 Konsa, fanm Samariten nan te reponn Li: “Kòman Ou menm, ki se yon Jwif mande M pou bwè lè mwen menm se yon fanm Samariten?” (Paske Jwif yo pa gen bon relasyon avèk Samariten yo.) Gade chapit la1998 Haïtienne9 Fanm Samari a di Jezi konsa: — Kouman? Se pa jwif ou ye? Ki jan ou fè mande m dlo pou ou bwè, mwen menm ki moun Samari? (Paske, jwif yo pat gen rapò ak moun Samari.) Gade chapit laNouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil9 Fanm nan reponn: “Ou konnen ou fè m sezi lè ou mande m dlo pou w bwè! Ou se yon Jwif epi mwen se yon fanm samaritèn! Jwif pa gen okenn relasyon ak Samariten.” Gade chapit la |