Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 4:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Paske ou te genyen senk mari, epi sila a ke ou gen koulye a se pa mari ou. Ou pale verite.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

18 Paske, ou pase senk mari deja. Epi nonm k'ap viv avè ou kounyeya, se pa mari ou li ye. Ou pa ban m manti.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

18 Ou pase senk mari deja, epi mesye ou avè l kounye a pa mari w. Lè w di ou pa gen mari a, se verite a.”

Gade chapit la Kopi




Jan 4:18
16 Referans Kwoze  

Men Bondye te vini a Abimélec nan yon rèv nan nwit, e Li te di li: “Veye byen, ou se yon moun ki fin mouri akoz fanm ke ou te pran an, paske li marye.”


Lè Sichem, fis Hamor a, Evyen an, prens nan peyi a te wè li, li te pran li, e pa lafòs, li te kouche avèk li.


Men yo te di: “Èske yo ta dwe trete sè nou an tankou yon pwostitiye?”


“Anverite, kon yon fanm fè trèt pou kite mari li, se konsa ou te fè trèt kite Mwen, O lakay Israël”, deklare SENYÈ a.


“‘“Ou menm, fanm adiltè, ki pran etranje olye de mari li!


“Pou sa, O pwostitiye, tande pawòl SENYÈ a.


“‘Sa se lalwa jalouzi a: lè yon fanm, anba otorite mari li, vin vire e konwonpi tèt li,


E si fanm nan divòse ak mari li e marye avèk yon lòt, li menm tou fè adiltè.”


Li te di li: “Ale rele Mari ou, epi vin isit la.”


Fanm nan te reponn Li e te di: “Mwen pa gen mari.” Jésus te di li: “Ou pale byen: ‘Mwen pa gen mari.’


Fanm nan te reponn Li: “Mesye mwen konsidere ke Ou menm se yon pwofèt.


Kidonk, si li vin jwenn yon lòt gason pandan mari li vivan an, yo va rele li yon adiltè, men si mari a mouri, li va lib de lwa a pou li pa yon adiltè, malgre li jwenn yon lòt gason.


Maryaj dwe kenbe ak gwo respè pami tout moun, e kabann maryaj la dwe rete san souye; paske Bondye ap jije fònikatè ak adiltè yo.


Anplis, mwen te pran Ruth, Moabit la, vèv a Machlon an, kon madanm mwen, jis pou non a mò a kapab leve sou eritaj pa li. Pou non a mò a pa vin dekoupe soti nan frè li yo, ni nan rejis tribinal nesans li a. Nou se temwen jodi a.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite